Gouvènman ayisyen an di li pa gen pwoblèm pou l aksepte yon pwopozisyon OEA fè pou Ayiti ta fè chita-pale ak Repiblik Dominikèn pou 2 peyi yo eseye rezoud pwoblèm ki poze ant yo konsènan rapatriman ayisyen k ap viv nan Panyòl ilegalman. Yon lòt kote, Minis Kominikasyon e Pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, fè konnen administrasyon Martelly/Paul la pa gen okenn ekskiz pou l prezante bay gouvènman Prezidan Danilo Medina a ki di okenn ofisyèl dominiken pap rankontre ak otorite Ayisyen yo "toutotan yo kontinye ap akize Repiblik Dominikèn kòm yon peyi k ap vyole dwa moun."
Congrès des Haitiens pour Fortifier Haiti se yon òganizasyon ki reyalize yon fwon ak lòt gwoup nan dyaspora a pou fè demach pou ayisyen kap viv aletranje yo patisipe nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo. Yon delegasyon Kongrè a te Washington D.C. nan kad mouvman sa a. Lionel Jean-Baptiste ak Alix Claude, 2 lidè òganizasyon an, reponn kesyon Jacquelin Bélizaire .