Accessibility links

Breaking News

Ouvèti yon Anbasad peyi Kiba nan Washington pou Premye Fwa nan Plis pase 50 tan


Drapo kiben an devan katye-jeneral Depatman Deta ameriken an. Foto: 20 jiyè 2015.
Drapo kiben an devan katye-jeneral Depatman Deta ameriken an. Foto: 20 jiyè 2015.

Lèzetazini ak Kiba retabli relasyon diplomatik total antre yo nan sware jounen dimanch 19 jiyè 2015 la –li te minui, lè GMT, swa 8 tè di swa, lè Washington ak Pòtoprens. Misyon chak nan 2 peyi yo te genyen lakay lòt la sibi yon chanjman ki fè yo sòti nan nivo entèrè espesyal pou yo tounen yon anbasad.

Nan lari vil La Avàn, kapital Kiba, sitwayen yo manifeste gwo espwa se sèlman yon kòmansman ki kapab debouche sou nòmalizasyon relasyon ant 2 peyi yo. An tou ka, se opinyon pwofesè kiben Alberto Matos:

"Pou nou menm, se yon bagay trè-trè zenpòtan. Mwen panse se yon pa trè desizif nan direksyon nòmalizasyon rapò yo. Sa vle di, pou nou menm Kiben, se yon okazyon pou n selebre e nap tann pou n wè sa k pral pase, ki kote sa pral rive. Nou gen espwa pèp kiben an ak pèp ameriken an gen kapasite pou yo pote chajman pozitif nap tann yo."

Sitwayen ameriken nan kapital Lèzetazini an, Washington D.C., sanble pataje santiman sitwayen kiben yo. Jeremy Reichtein se yon ameriken ki abite nan katye kote anbasad kibèn nan pral ouvè ofisyèlman nan yon seremoni kap dewoule maten an. Li pale nan menm sans ak Pwofesè Matos:

"Se vrèman yon bon bagay pou relasyon ant 2 peyi yo. Nou pase 60 tan san youn pa pale ak lòt, san nou pa gen ralasyon, e sa pa mennen nou okenn kote. Kidonk, ak ouvèti sa a nou pral genyen omwens yon dyalòg; e sa pral enteresan e menm eksitan pou n wè ki kote sa pral rive."

Gen 500 moun ki jwenn envitasyon pou yo asiste seremoni kote otorite ameriken yo pral ouvè ofisyèlman nouvo anbasad kibèn nan nan Washington -pami envite sa yo gen minis afè etranjè kiben an, Bruno Rodriguez Parilla. Aprè seremoni an, Sekretè Deta John Kerry pral resevwa Misye Rodiguez Parrilla nan Depatman Deta kote 2 chèf diplomasi yo pral bay yon konferans pou laprès.

Sepandan, retablisman relasyon ant 2 peyi yo pwovoke kritik. Se konsa, nan jounen dimanch 19 jiyè a otorite yo nan La Avàn arete plizyè douzèn disidan ki tap pwoteste pou yo denonse represyon politik ki, daprè yo, egziste toujou nan Kiba.

XS
SM
MD
LG