Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: Chèf Misyon Obsèvasyon Elektoral OEA ap Vizite Ayiti


Minis Afè Etranjè ayisyen an Lener Renaud ak Sekretè Jeneral OEA Luis Almagro
Minis Afè Etranjè ayisyen an Lener Renaud ak Sekretè Jeneral OEA Luis Almagro

Chèf Misyon Obsèvasyon Elektoral Oganizasyon Eta Ameriken yo, ansyen Minis Afè Etranjè Kosta-Rika a, José Enrique Castillo, rive ann Ayiti vandredi 17 jiyè 2015 la pou l kòmanse travay ki gen rapò ak dewoulman eleksyon lejislativ yo ki fikse pou 9 Out kap vini la a. Pandan vizit sa a, Misye Castillo ap rankontre ak Prezidan Michel Martelly, Minis Afè Etranjè a Lener Renaud, Direktè Egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Mosler Georges, lidè pati politik yo ak reprezantan òganizasyon entènasyonal yo

Daprè yon nòt pou laprès Òganizasyon Eta Ameriken pibliye nan weekend nan, depi dat 22 jen pase a OEA genyen yon gwoup obsèvatè kap fè virewon nan tou lè 10 depatman peyi a nan lide pou rasanble enfòmasyon sou pwosesis elektoral la --enfomasyon tankou enskripsyon kandida yo ak kanpay elektoral la an jeneral.

Nouvèl Ayiti pou lendi 20 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:11 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kesyon finansman pati politik yo toujou reprezante yon sous enkyetid pou anpil sektè nan vi nasyonal la, pi presizeman pou kandida yo nan moman dat eleksyon yo pa chanje: se toujou 9 Out 2015 la . Pandansetan kèk nan peyi zanmi peyi Ayiti yo -- pami yo genyen Lèzetazini-- te anonse nan New York semèn pase a yo pral ajoute yon sòm plis pase 15 milyon dola sou asistans yap bay pou apiye dewoulman eleksyon yo. Jean Henri Céant, kandida a la prezidans pou pati Renmen Ayiti; Doktè Sauveur Pierre Etienne, kandida a la prezidans pou OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite) ak analis politik Robert Bénodin bay opinyon yo sou kesyon finansman peyi etranje pou eleksyon ann Ayiti.

Ayiti/ Repiblik Dominikèn / Diplomasi

Minis Afè Etranjè dominiken an, Andres Navarro, rejte yon pwopozisyon Òganizasyon Eta Ameriken yo fè pou dirijan ayisyen ak dominiken ta chita ansanm pou yo chache solisyon pou pwoblèm Ayiti ak Repiblik Dominikèn ap konfwonte. Jounalis Edouard Saint Jean, ki baze nan Santo Domingo e k ap reponn kesyon Jean Robert Philippe, di otorite dominiken yo deklare yo pap fè okenn chita pale ak dirijan ayisyen yo toutotan Ayiti kontinye ap akize peyi Panyòl sou sèn entènasyonal la kòm "yon peyi k ap vyole dwamoun."

Anfen, dapre yon nòt pou laprès ki parèt nan Pòtoprens, Komisyon Prezidansyèl pou Refòm Jistis la òganize, nan jounen vandredi 17 jiyè 2015 la, yon kòlòk sou validasyon avan-pwojè sou nouvo kòd penal ayisyen an --yon dokiman ki antre nan kad demach otorite yo antreprann pou yo modènize systèm penal ayisyen an. Selon prezidan Komisyon an, Mèt Jean Joseph Exumé, nouvo kòd penal la ta dwe ranplase sila ki egziste depi ane 1835 la. Daprè Misye Exumé, nouvo règleman yo touche domèn tankou: vyòl, trafik dwòg, avòtman ilegal, refi pou ede moun ki an danje, krim kont limanite, elatriye.

XS
SM
MD
LG