Peyi zanmi Ayiti yo --pami yo genyen Lèzetazini-- pran angajman pou yo bay gouvènman ayisyen an yon lòt kontribisyon ki monte apeprè 15 milyon dola pou apiye dewoulman pwochen eleksyon yo. Minis Kominikasyon e Pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di Premye Minis Evans Paul, kèk lòt manm gouvèman an ak prezidan KEP a, Pierre Louis Opond, te prezan nan katye jeneral Nasyonzini an, nan New York, kote reprezantan peyi konsène yo fè anons la nan jounen jedi 16 jiyè 2015 la.
Yon lòt kote, Prezidan Michel Martelly anonse yon rankont ant Premye Minis Evans Paul ak dirijan pati politik yo sou modalite distribisyon 500 milyon goud otorite yo dispoze pou finanse kanpay elektoral la. Lidè ayisyen an fè anons sa a nan moman kandida yo ap plenyen pou di yo pa gen lajan pou yo demare kanpay yo.
Anfen, nan pwogram Dyaloge ak Etazini, emisyon lib tribin Sèvis Kreyòl la ki pase mèkredi 15 jiyè 2015 la, 3 envite yo te eseye pote repons pou kesyon kap poze sou finansman kanpay elektoral la ak kesyon sekirite a. Panelis yo sete ansyen Senatè Depatman Nòdès la, Rudolph Boulos, ak 2 analis politik, Mèt Camille Edouard ak pwofesè Gracien Jean.