Accessibility links

Breaking News

Kowòdonatè Depatman Deta a pou Ayiti Reponn Kesyon yon Sou-Komisyon Sena a


Thomas Adams, Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti.
Thomas Adams, Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti.

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken an pou Ayiti, Thomas Adams, te reponn envitasyon Senatè Marco Rubio, prezidan sou-komisyon sena a pou Afè Emisferik, Krim Transnasyonal, Demokrasi, Dwamoun ak Zafè Fanm yo. Nan sesyon sa a --ki dewoule nan Kapitòl la nan jounen mèkredi 15 jiyè 2015 la-- Misye Adams reponn kesyon ki gen rapò ak sitiyasyon global la ann Ayiti, sòti nan pwosesis elektoral la, pase nan kriz migrasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan, pou rive nan eskandal itilizasyon lajan Lakwa Wouj Amerikèn nan peyi a.

Senatè Rubio ak lòt manm sou-komisyon an --tankou Barbara Boxer ( Kalifòni), Cory Scott Gardner (Kolorado) ak David Perdue(Jòji) ki tap kesyone kowòdonatè espesyal la, eksprime dout sou sitiyasyon an ann Ayiti; yo lonje dwèt, pa egzanp, sou evolisyon pwosesis elektoral la ak, antwòt, fason administrasyon Martelly-Paul la ap jere kriz migrasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan.

Nouvèl Ayiti pou jedi 16 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:22 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Premye Minis Evans Paul siyen ak Chaje d'Afè Inyon Ewòp la, Manueal Ruccio, yon pwotokòl dakò ki envite yon misyon obsèvasyon elektoral ewopeyen antre ann Ayiti pou swiv dewoulman pwochen eleksyon yo. Chèf gouvènman an di objektif misyon sa a se kontribye nan transparans ak lejitimite pwosesis elektoral la nan tout nivo. Inyon Ewòp la te deja siyen yon akò menm jan ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Anfen, Prezidan Michel Martelly twouve l nan Depatman Nòdwès peyi a kote l ap mennen kanpay pou kandida k ap reprezante pati ki sou pouvwa a (Pati Ayisyen Tèt Kale -PHTK) nan eleksyon lejislatif yo ki fikse pou dat 9 Out 2015 la.

XS
SM
MD
LG