Accessibility links

Breaking News

Efò Administrasyon Obama a pou l Fè Kongrè a Aksepte Akò Nikleyè ak Iran an


Prezidan Barack Obama ki tap tande kesyon yon jounalis pandan yon konferans pou laprès sou akò nikleyè 6 puisans mondyal fèk jwenn ak Iran an. (Foto: Sal Est La Mezon Blanch, nan Washington, 15 jiyè 2015).
Prezidan Barack Obama ki tap tande kesyon yon jounalis pandan yon konferans pou laprès sou akò nikleyè 6 puisans mondyal fèk jwenn ak Iran an. (Foto: Sal Est La Mezon Blanch, nan Washington, 15 jiyè 2015).

Nan Washington, efò kap fèt sou divès fwon pou administrasyon Obama a fè Kongrè a ak alye Lèzetazini yo aksepte yon akò 6 puisans mondyal fèk siyen ak Iran sou pwogram nikleyè peyi sa a, ap kontinye nan jounen jedi 16 jiyè 2015 la.

Efò sa yo ap rapousuiv yon jou aprè Prezidan Barack Obama te bay yon konferans pou laprès kote li te prezante yon gwo defans anfavè antant la. Daprè lidè ameriken an, se pi bon mwayen posib pou yo anpeche Iran posede zam nikleyè. Prezidan Obama di :

"Akò nikleyè a satisfè enterè defans nasyonal Lèzetazini ak alye nou yo. Lap elimine menas ki pi grav ki ta ka sòti bò kote Iran si l ta posede zam nikleyè. San akò sa a, lòt pwoblèm Iran kapab poze tap vin pi grav toujou."

Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden –ki te fè yon rankont sou dosye a mèkredi ak lidè Demokrat yo nan Chanm dè Reprezantan an-- genyen pou l prezante nan jounen jedi a devan yon komisyon Kongrè a pou l kontinye efò kap fèt pou fè palmantè ameriken yo aksepte akò a; fwa sa a lap rankontre ak Demokrat ki fè pati Komisyon Afè Etranjè Sena a.

Bò kote pa li, Minis Afè Etranjè britanik la, Phillip Hammond --youn nan diplomat wo plase ki te negosye akò a ak reprezantan iranyen yo-- pale de efò Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ap fè pou l wè si kongrè Lèzetazini an ta rejte dokiman an. Misye Hammond, ki gen pou l rankontre ak Misye Netanyahu jedi, di li pa kwè lidè eta jwif la pral reyisi nan tantativ sa a. Chèf diplomasi britanik la deklare:

"Premye Minis Netanyahu pale klè pou l di li gen plan pou l konbat akò a tèt-kale, e Izrayèl pral itilize enfliyans li bò kote kongrè ameriken an pou l deraye aplikasyon akò a. Mwen gen konfyans efò sa yo pap reyisi."

Kongrè ameriken an gen 60 jou pou l deside si lap apwouve antant la oubyen rejte li. Prezidan Obama pwomèt lap poze veto l sou tout vòt ki rejte akò a.

XS
SM
MD
LG