Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo « app » pou W Kapte Pwogram Lavwadlamerik yo


Lavwadlamerik ap fè tout oditè konnen kounye a nou genyen yon nouvo app kap pèmèt yo tande pwogram nou yo swa an dirèk, swa an difere.

Ann di, pa egzanp, ou gen yon telefòn entèlijan (smart phone), kit se Android kit se Apple, epi ou vle tande youn nan pwogram kreyòl nou yo. Ale nan «App Store», chache Streamer, epi telechaje app la. A goch se achiv ; adwat se « audionow » kote ou ka resevwa siyal nou yo an dirèk.

Nou envite w tcheke tou sitweb sa a pou w telechaje app la : http://www.voanouvel.com/apps. Adrès sa a ak VOA Streamer se Lavwadlamerik nan 2 pla men ou !

XS
SM
MD
LG