Accessibility links

Breaking News

“Akò Istorik” sou Pwogram Nikleyè Iranyen an


De goch a dwat: Chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, Chèf Pwogram Enèji Atomik Iran an, Ali Akbar Salehi, Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, Chèf Diplomasi britanik la, Phillip Hammon, ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, poze pou yon foto nan katye-jeneral l'ONU nan vil Vyèn. (Foto: Madi 14 jiyè 2015).
De goch a dwat: Chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, Chèf Pwogram Enèji Atomik Iran an, Ali Akbar Salehi, Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, Chèf Diplomasi britanik la, Phillip Hammon, ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, poze pou yon foto nan katye-jeneral l'ONU nan vil Vyèn. (Foto: Madi 14 jiyè 2015).

Negosyatè Iran ak 6 puisans mondyal rive jwenn yon akò istorik yo tap chache depi byen lontan -akò kap mete limit nan aktivite nikleyè iranyen yo kòm kondisyon pou puisans yo leve sanksyon yo mete sou do peyi a. Negosyasyon san pran souf te dewoule padan 18 jou.

Responsab an chèf politik etranjè Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, di li konsidere akò sa a kòm yon siyn espwa pou lemond, pandan li te pran lapawòl ansanm avèk Minis Afè Etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif, nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich, kote negosyasyon yo dewoule a. Madam Mogherini di :

"Se yon desizyon ki kapab debouche sou yon nouvo chapit nan relasyon entènasyonal yo epi montre diplomasi, kowòdinasyon ak kowoperasyon kapab simonte plizyè dizèn dane tansyon ak konfwontasyon. "

Vèsyon audio repòtaj sa a

07-14-15 US-IRAN NUCLEAR DEAL AUDIO
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:14 0:00
Direct link

Bò kote pa l, chèf diplomasi Iranyen an, Javad Zarif, di se tou lè 2 kan yo ki ranpòte laviktwa --sètadi Iran ak gwoup 5 plis 1 an, ki gen ladan n Lèzetazini, Larisi, Lagann Bretay, Lachin, Lafrans ak Lalmay). Minis Javad Zarif deklare:

"Nou rive jwenn yon akò ki pa pafè pou pèsonn moun; men, se sa nou te ka reyalize e se yon akonplisman enpòtan pou nou tout."

Madam Mogherini ak Misye Javad Zarif te pale anvan negosyatè yo te fè yon rankont final. Yo te pase plizyè mwa ap travay sou sa yo konsidere kòm yon akò global e elaji. Nan Washington, Presidan Barack Obama pran lapawòl byen bonè nan maten jounen madi 14 jiyè 2015 la pou l te fè kòmantè sou akò a.

« Mwen pa gen okenn dout sou sa : nan 10 a 15 zan, moun ki pral okipe fonksyon mwen okipe a pral twouve li nan yon pozisyon ki pi fò vizavi Iran, yon Iran ki fè yon gwo bak sou wout zam nikleyè a, ak enspeksyon mete sou transparans kap pèmèt nou siveye pwogram iranyen an. Pou rezon sa a, mwen kwè li tap iresponsab pou nou pa aksepte akò sa a. »

Toujou nan Washington, manm Kongrè a sanble yo pran pozisyon diferan, daprè pati yo, sou akò 6 puisans mondyal yo jwenn ak Iran an: Demokrat yo ap pran prekosyon pou yo pa montre twòp optimism, tandiske Repibliken yo panse akò a fè twòp konsesyon devan Iran. Palmantè ameriken yo pral fè yon rankont pou yo jete yon kout-je sou detay akò nikleyè a; rankont sa a fikse pou 10 zè di maten, lè Washington, nan jounen madi 14 jiyè 2015 la.

XS
SM
MD
LG