Accessibility links

Breaking News

Yon Misyon Teknik OEA Vizite Ayiti ak Repiblik Dominikèn


Kat Repiblik Dominikèn ak Ayiti
Kat Repiblik Dominikèn ak Ayiti

Ayiti / Repiblik Dominikèn Politik

Yon misyon wo nivo Òganizasyon Eta Ameriken yo trouve l ann Ayiti kote l rankontre otorite gouvènmantal yo, dirijan sosyete sivil la, òganis dwazimen yo ak lòt sektè sou dosye rapatriman ayisyen k ap viv ilegalman nan Repiblik Dominikèn e ki pat gen tan enskri nan Plan Regularizasyon Etranje yo (PNRE). Misyon teknik òganizasyon rejyonal la deja vizite peyi vwazen an kote li te rankontre ak otorite yo.

Yon lòt kote: Ansyen Minis Ayisyen k ap viv nan Dyaspora a, Edwin Paraison, ki se dirijan Fondasyon Zile, te pami manm Sosyete Sivil la ki rankontre ak misyon l'OEA a. Minis Paraison di li espere delegasyon an ap prezante yon rapò ekilibre apati de enfòmasyon li kolekte pandan rankont li fè ak respondab ayisyen e dominiken yo.

Nouvèl Ayiti pou lendi 13 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:04 0:00
Direct link

Ayiti / Jistis ak Anviwonman

Anfen, Plizyè moun kondane pou pase rès vi yo nan prizon dapre jujman ki dewoule ak asistans juri nan Podepè. Yon òganizasyon k ap travay pou pwoteje anviwonman an òganize lendi 13 jiyè 2015 la yon fwar nan Bel-Ans pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans yon kaskad dlo nan rejyon an ki gen anpil potansyèl touristik.

XS
SM
MD
LG