Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Dosye Rapatriye: Entèvansyon Chanselye Lener Renauld devan Konsèy Pèmanan OEA a


Jaquenol Martinez, yon imigran ayisyen k ap viv nan peyi Panyòl depi 1963.
Jaquenol Martinez, yon imigran ayisyen k ap viv nan peyi Panyòl depi 1963.

Ayiti / Diplomasi: Chanselye Lener Renauld devan Konsèy Pèmanan l'OEA a

Minis Afè Etranjè ayisyen an, Lener Renauld, ekspoze devan Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington, nan mitan jounen mèkredi 8 jiyè 2015 la, pozisyon gouvènman ayisyen an sou depòtasyon ayisyen k ap viv ilegalman nan Repiblik Dominikèn. Chef diplomasi ayisyèn nan lanse yon apèl bay zanmi Ayiti yo nan KARIKOM, l"OEA ak L'ONU pou li mande entèvansyon yo pou evite katastwòf imanitè yon depòtasyon masif kapab pwovoke ak yon destabilizasyon sou il 2 peyi yo pataje a.

Chanselye Renauld deklare: "Mwen pa vin mande Repiblik Dominikèn yon favè, ni mwen pa vin pote plent pou li non plis." Li ajoute objektif pozisyon mwen pran an se anpeche separasyon manm plizyè milye fanmi kap kite tout sa yo posede pou yo ale nan yon destinasyon enkoni."

Chèf diplomasi ayisyèn nan mande pou "otorite dominiken yo gen respè pou migran ayisyen yo e aksepte yon mekanism ki ka pèmèt pwosesis depòtasyon an dewoule nan respè konvansyon entènasyonal yo. Misye Renauld ensiste sou le fèt ke gouvènman an pa dispoze resevwa okenn etranje kap sòti nan Panyòl sou pretèks yo se ayisyen kap viv ilegalma nan peyi a."

Nouvèl Ayiti pou jedi 9 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:16 0:00
Direct link

Ayiti / Eleksyon

Yon lòt kote, pati politik yo ap tann Konsèy Elektoral Pwovizwa a lanse kanpay pou eleksyon lejislatif yo; lansman sa a te sipoze fèt mèkredi 8 jiyè a selon kalandriye elektoral la. KEP a ap fè yon anons sou kesyon an jedi 9 jiyè a. Lidè politik yo eksprime enkyetid yo sou finansman enstitisyon elektoral la te pwomèt pou ede yo mennen kanpay.

Ayiti Health / Kanada

Òganizasyon "Sidès An Aksyon pou Rekonstriksyon d' Ayiti" renmèt yon kantite materyèl ak medikaman bay responsab Sante Piblik yo nan vil Jakmèl pou asiste segman popilasyon an ki nan bezwen. Se yon don yon òganizasyon Kanadyen ofri e li monte rive 57 milyon goud.

Anfen, otorite lajistis yo òganize yon seri rankont nan vil Jeremie ak ofisyèl lokal yo pou mande aplike lwa sou pwoteksyon pwopriyete prive sitwayen yo.

XS
SM
MD
LG