Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Lener Renauld, Devan Konsèy Pèmanan l'OEA a


Minis Lener Renauld ak Sekretè Jeneral OEA a, Luis Almagro.
Minis Lener Renauld ak Sekretè Jeneral OEA a, Luis Almagro.

Minis Afè Etranjè ayisyen an, Lener Renauld, ap pran lapawòl mèkredi 8 jiyè 2015 la, devan Konsèy Pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington, pou l prezante pozisyon gouvènman Martelly-Paul la sou depòtasyon ayisyen kap viv nan Repiblik Dominikèn san dokiman legal. Sa gen anviwon 15 jou, sou demand gouvènman dominiken an, konsèy la te òganize yon seyans kote chèf diplomasi dominikèn nan, Andrés Navarro, te eksplike dosye a jan gouvènman panyòl la wè li. Minis Renauld ap prezante devan konsèy la sou demand misyon pèmanan Ayiti nan l'OEA ki gen nan tèt li Anbasadè Bocchit Edmond.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 8 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:59 0:00
Direct link

Ayiti/ Eleksyon

Lidè Platfòm Verite yo konsidere kòm yon enjistis desizyon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa yo (KEP) pran pou yo mete kandida Jacky Lumarque deyò nan eleksyon prezidansyèl yo. Prezidan konsèy la, Pierre Louis Opont, ki t ap rankontre lidè pati politik yo, pote prezisyon sou rezon ki eksplike desizyon ki ekate kandida Platfòm Verite a. Yon lòt kote, KEP a bay garanti lap òganize premye tou eleksyon yo nan dat 9 out 2015 la malgre reta ki genyen nan egzekisyon kalandriye a. Kanpay elektoral pou eleksyon lejislatif yo demare nan jounen 8 jiyè a, dapre kalandriye elektoral la. Platfòm nan ap òganize yon manifestasyon jedi 9 jiyè a pou l pwoteste kont desizyon KEP a.

Ayiti/Dyaspora-ONG

Anfen, Doktè Joseph Baptiste, lidè Òganizasyon Nasyonal Pou Avansman Ayisyen (NOAH) -yon ONG ki baze nan dyaspora a-- fèk fè yon vwayaj ann Ayiti kote yon delegasyon pwofesyonèl medikal li te dirije te pote asistans bay popilasyon an, sitou depòte kap sòti nan Repiblik Dominikèn yo. Doktè a pale, antwòt, de dispozisyon NOAH pran pou l ede Ayiti prepare pou l fè fas ak dezas tankou siklòn.

XS
SM
MD
LG