Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rankont Ofisyèl KEP a ak Lidè Politik yo sou Pwochen Eleksyon yo


Logo CEP a
Logo CEP a

Responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa rankontre ak pati politik yo nan Otèl Montana, nan jounen madi 7 jiyè 2015 la pou yo te abòde deziyasyon reprezantan pati yo nan biwodvòt yo nan okazyon pwochèn eleksyon yo. Rankont sa a dewoule nan moman plizyè kandida Platfòm Verite kontinye lanse modòd pou yo mande manifestasyon kote patisipan yo egzije KEP a reyentegre kandida Jacky Lumarque nan kous prezidansyèl la.

Yon lòt kote, nan kad preparatif kap fèt pou garanti sekirite elektè yo, yon delegasyon ki gen nan tèt li enspektè jeneral PNH la, Jean St Fleur, te fè deplasman nan Depatman Sidès la kote manm yo te rankontre, lendi 6 Jiyè a nan vil Jakmel, avèk diferan antite ki enplike nan òganizasyon eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 7 jiyè 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:08 0:00
Direct link

Ayiti/Repiblik Dominikèn/Rapatriman

Gouvènman dominiken an remèt 300 kat rezidans bay imigran ki te enskri nan Plan Regilarizasyon Etranje yo nan yon seremoni ki dewoule lendi 6 jiyè 2015 la. Pami etranje ki resevwa dokiman yo, genyen ayisyen, italyen ak sitwayen lòt peyi. Dokiman an pèmèt imigran sa yo kontinye viv legalman nan peyi a pandan 2 zan. Otorite dominiken yo poze aksyon sa a nan moman administrasyon Medina a twouve l anba anpil presyon entènasyonal akoz aplikasyon Plan Regilarizasyon Etranje yo, dapre ansyen Minis Ayisyen k ap viv Aletranje yo, Edwin Paraison.

Anfen, yon ansyen konseye gouvènman ayisyen an lanse lide pou Leta itilize vwa diplomatik ak apui kominote entènasyonal la pou l konvenk otorite dominiken yo kanpe sou dosye depòtasyon an.

XS
SM
MD
LG