Accessibility links

Breaking News

Premye Vizit Pap Franswa nan Amerik Latin nan


Prezidan ekwatoryen an, Rafael Correa (adwat), ki tap resevwa Pap la nan yon seremoni ki dewoule nan ayewopò vil Kito a. Lendi 6 jiyè 2015 la, Souvren Pontif la pral chante yon mès an plennè nan vil Gwayakil.
Prezidan ekwatoryen an, Rafael Correa (adwat), ki tap resevwa Pap la nan yon seremoni ki dewoule nan ayewopò vil Kito a. Lendi 6 jiyè 2015 la, Souvren Pontif la pral chante yon mès an plennè nan vil Gwayakil.

Pap Franswa retounen nan rejyon Amerik di Sid pou lapremyè fwa depi li te monte nan tèt Legliz Katolik. Souvren Pontif la rive nan peyi Ekwatè nan mitan jounen dimannch 5 jiyè 2015 la pou yon virewon 8 jou kap mennen li tou nan peyi Bolivi ak Paragwe.

Lè Pap la (yon Jezwit ki gen 78 tan) te fin ateri nan ayewopò entènasyonal la nan vil Kito, kapital Ekwatè, Prezidan Rafael Correa ak gwo diyitè Legliz Katolik te prezan pou resevwa li. Aprè Misye Correa te fin pwononse diskou byenveni li, Pap la te reponn pou l di kijan li kontan retounen nan Ekwatè, yon peyi li te vizite plizyè fwa deja. Nan diskou sa a, Souvren Pontif la te gen yon panse espesyal pou pòv yo. Li deklare :

"Travay pou nou ede frè ki pi frajil pami nou yo e ki nan minorite ki pi vilnerab yo, se yon dèt tout Lamerik Larin genyen toujou sou do l. Poutèt sa, Mesye Prezidan, ou kapab toujou konte sou angajman ak kolaborasyon Legliz pou l sèvi pèp ekwatoryen sa a ki leve kanpe avèk tout diyite li."

Yon foul moun te kanpe sou 2 bò wout la depi nan ayewopò a pou rive nan rezidans nons apostolik la kote Souvren Pontif la ap rete. Pwogram Pap la gen sou li, antwòt, selebrasyon yon mès nan 8 lang nan kòmansman jounen lendi 7 jiyè 2015 la . Nan menm jounen an, lap gen pou l vizite yon prizon pou moun ki komèt zak vyolans nan Bolivi. Pap la pral fè yon rankont tou ak moun k ap ranmase fatra nan lari Bolivi epi, pi ta nan vwayaj la --pi presizeman nan Paragwe-- chèf Legliz Katolik la ap fè yon vizit nan yon bidonvil ki fasil pou sibi dega anba inondasyon.

Legliz Katolik genyen anviwon yon milya 200 milyon fidèl nan lemond antye ; yon gwo pati ladan yo ap viv nan rejyon Amerik Latin nan. Ekwatè, Bolivi ak Paragwe se 3 peyi ki pi piti e pi pòv nan Amerik di Sid la.

XS
SM
MD
LG