Accessibility links

Breaking News

Grèk Yo Vote “Non” – Yo Rejte Plis Mezi Mare-Senti Ekonomik


Patizan vòt "Non" an ki tap selebre nan vil Atèn nan sware dimanch 5 jiyè 2015 la
Patizan vòt "Non" an ki tap selebre nan vil Atèn nan sware dimanch 5 jiyè 2015 la

Nan peyi Lagrès, elektè yo vote nan yon referandòm ki dewoule dimanch 5 jiyè 2015 la, kote yon gwo majorite (swa 61 pousan) rejte egzijans kreyansye Inyon Ewòp la fè pou yo enpoze plis mezi mare-senti sou peyi a kòm kondisyon pou yo mete a la dispozisyon gouvènman grèk la yon plan sovtaj ekonomik.

Plizyè milye sitwayen grèk te rasanble dimanch swa sou prensipal plas piblik la nan Atèn pou yo selebre rezilta referandòm nan kote se vòt "NON" an ki pase. Premye minis Alexis Tsipras -ki te fè kanpay pou l ankouraje pèp la vote "non"-- deklare otorite grèk yo pare pou yo retounen bò tab negosyasyon yo e nouvo manda popilè sa a ba li yon pozisyon de fòs pou l negosye yon pi bon "deal", yon pi bon plan asistans ekonomik pou Lagrès. Misye Tsipras di:

"Chè konsitwayen Grèk, referandòm jodi a pa bay ni venkè, ni pèdan. Men, poukont li, li reprezante yon gwo kokenn chenn viktwa. Jodi a, ansanm-ansanm nou ekri yon nouvo paj ki chaje ak glwa nan Listwa Lewòp. Nou rive pwouve, nan sikonstans ki pi grav yo, moun pa kapab blofe demokrasi; li reprezante yon prensip dominan e yon opsyon altènatif. Nou rive pwouve tou, lè yon nasyon gen lafwa, lè konsyans kolektif li pase alaksyon, li kapab simonte nenpòt ki difikilte."

Sepandan viktwa vòt "Non an" -ki pratikman se yon viktwa pou gouvènman an- pa anpeche minis finans la, Yanis Varoufakis, anonse li bay demisyon n. Menm si li te bay garanti li tap konsève pòs li si pèp la rejte demand kreyansye yo, Misye Varoufakis fè konnen li pa tap alèz pou l patisipe nan negosyasyon ki pral fèt ak minans finans Inyon Ewòp la, paske li aprann mesye sa yo di yo pa ta renmen wè li retounen bò tab negosyasyon yo.

XS
SM
MD
LG