Accessibility links

Breaking News

Pwosè kont Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan


Ayisyen ou pitit ayisyen ki pran nesans nan Repiblik Domiikèn e ki sou lis depòtasyon.
Ayisyen ou pitit ayisyen ki pran nesans nan Repiblik Domiikèn e ki sou lis depòtasyon.

Ayiti-Repiblik Dominikèn/Jistis

Nouvèl ki soti nan vil San Juan, kapital Potoriko, fè konnen plizyè òganizasyon relijye, defans dwamoun, gwoup sivil ak òganizasyon fanm pote plent devan minis jistis Pòtoriken an, César Miranda Rodriguez, pou yo mande otorite yo ouvè yon ankèt pou krim kont lumanite kont prezidan Tribinal Konstitusyonèl Repiblik Dominikèn nan, Milton Rey Guevara, ak 2 lòt manm tribinal la, Jij Pedro Castellanos ak Jij Rafael Diaz Philip. Oganizasyon yo baze plent yo a sou le fèt ke 3 jij sa yo twouve yo sou tèritwa pòtoriken an, e yo mande otorite yo pa kite jij sa yo pati jiskaske ankèt la va pran fen.

Daprè nouvèl ki parèt nan jounal pòtoriken Accento, òganizasyon ki pote plent yo mande depatman jistis potoriken an sèvi ak lwa zile a genyen pou l aplike sistèm ekstrateritoryalite a nan kad prensip entènasyonal ki prevwa pèn kont tout moun ki komèt krim kont limanite, tankou krim ki blese konsyans moun. Manm òganizasyon sa yo dekare nan plent la :

"Aksyon nou an voye yon mesaj pou di sila yo ki komèt vyolasyon dwa moun pap rete san pinisyon. Yo pap kapab rete kache dèyè tit yo oubyen fonksyon yo; nou deja rapòte devan enstans ki nesesè yo krim yo komèt kont dwa moun e yo gen pou reponn pou krim sa yo."

Nouvèl Ayiti pou madi 30 jen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:05 0:00
Direct link

--------------------------------

Ayiti/Taywann

Minis kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, anonse Prezidan Repiblik Chin nan (Taiwann), Maying Jeou, pral fè yon vizit ofisyèl nan Pòtoprens nan dat 14 ak 15 jiyè 2015 la. Pandan vizit sa a, Mesye Maying gen pou l rankontre ak Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Evans Paul ak lòt manm gouvènman an, plis dirijan sosyete sivil la. Anvan lidè taywanè a kite Ayiti, li pral patisipe nan seremoni inogirasyon yon batiman ki pral loje nouvo lokal Kou Kasasyon an ki te kraze nan tranblemanntè janvye 2010 la.

Politik/Relijyon

Yon otorite wo plase nan Legliz Katolik mande elektè ayisyen yo pou yo byen reflechi avan yo vote pou yon kandida nan eleksyon ki pral dewoule anvan fen ane 2015 la. Kadinal Chibly Langlois fè yon deklarasyon nan sans sa a nan moman kandida ki pran move kanè yo ak patizan yo ap manifeste pou yo mande KEP a retounen yo nan kous la.

Anfen, ajan egzekitif enterimè vil Kap-Ayisyen an, Yvon Alteon, kritike sitwayen kap mande demisyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a poutèt li ekate kèk kandida nan pwochen eleksyon an,paske yo pa satisfè kondisyon lalwa poze pou sa. Misye Altéon felisite manm KEP a pou endepandans yo manifeste nan egzèsis fonksyon yo.

XS
SM
MD
LG