Accessibility links

Breaking News

Gwoup Presyon Politik yo Kondane Rapatriman Fòse Ayisyen ki t ap Viv an Repiblik Dominikèn


Yon gwoup rapatriye ayisyen nan Malpasse, Ayiti.
Yon gwoup rapatriye ayisyen nan Malpasse, Ayiti.

Platfòm politik Repons Peyizan konsidere kom rasis rapatriman masif imigran ayisyen ki t ap viv ilegalman an Repiblik Dominikèn. Kowòdonatè nasyonal platfòm nan, Fednel Monchéry, mande kominote entènasyonal la òganize yon konferans sou desizyon otorite panyòl yo pran pou yo depòte ayisyen yo.

Yon lòt kote, toujou sou dosye depòtasyon an Platfòm Oganizasyon kap Defann Dwa Moun, (P-O-H-D-H), denonse absans enfrastrikti sou fwontyè a pou resevwa migran yo. Sekretè egzekitif platfòm nan, Antonal Mortimé, kwè rapatriman an pral gen gwo konsekans sou popilasyon an e sou dewoulman nòmal divès kalte aktivite nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou lendi 29 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:21 0:00
Direct link

Plizyè òganizasyon, k ap defann dwa moun nan Orlando, nan Eta Florid, Ozetazini, kondane desizyon otorite dominiken an e yo mande bòykòt pwodui dominiken yo. Pwotestasyon sa yo ap fèt malgre otorite dominiken yo di yo poko kòmanse rapatriye ayisyen ki te rate delè pou yo te enskri nan Plan Regularizasyon Etranje yo. Delè a te ekspire depi 17 jen 2015 la.

Sou plan politik la, Plafòm Verite anonse yon manifestasyon pou lendi 29 jen 2015 la pou egzije Konsèy Elektoral Pwovizwa a retounen kandida Jacky Lumarque nan kous elektoral la.

Anfen, Prezidan Pati Fusion Socio/Demokrat yo, Senatris Edmonde Supplice-Beauzil, ki kandida nan eleksyon prezidansyèl 2015 la, vizite vil Boston, nan Eta Massachussetts, kote li pale de fonksyonnman evantyèl yon administrasyon Supplice-Beauzile si se li ki ranpòte eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG