Accessibility links

Breaking News

Nouvote nan Aviyasyon - Itilizasyon Enèji Solè pou yon Vwayaj Alantou Latè


Aparèy la nan ayewopò vil Nagoya, o Japon, nan dat 24 jen pase a, apre move tan te oblije li fè yon aterisaj fòse.
Aparèy la nan ayewopò vil Nagoya, o Japon, nan dat 24 jen pase a, apre move tan te oblije li fè yon aterisaj fòse.

Yon avyon yo fabrike nan peyi Laswis e ki fonksyone ak enèji solè retounen nan lespas kote lap eseye fè yon vwayaj 35 mil kilomèt alatou Planèt Tè a san li pa gen yon gout gaz ladan n.

Aparèy la --ki rele Enpilsyon Solè 2-- dekole byen bonè lendi 29 jen 2015 la nan pati santral peyi Japon kote li te fè yon stòp enpwovize, ki pat sou pwogram nan e ki dire yon mwa. Vrèman vre, li pat sipoze ateri o Japon ; men pilòt la te oblije desann la pandan li te sou wout pou pati lès peyi Lachin lè move tan te fòse l fè yon aterisaj nan vil japonèz Nagoya.

Avyatè kap pilote l la se yon sitwayen swis ki rele André Borschberg ki se an menm tan, youn nan enjenyè ki te konstrui aparèy la. Misye kite Nagoya pou yon vòl kap travèse Oseyan Pasifik la; se pati ki pi long nan tout vwayaj la.

Si bo tan ki genyen kounyela a sou Pasifik la pa kontinye, òganizatè yo ap oblije raple aparèy la. Sepandan genyen yon pwen kote « Enpilsyon 2 » pap kapab retounen sou tèritwa japonè a e, kèlkeswa kondisyon tan an, lap oblije kontinye vwayaj la ki dwe mennen li jous sou Zile Hawayi yo. Se yon vwayaj ki riske anpil paske, si yon pwoblèm kèlkonk ta poze, pa gen okenn kote pou aparèy la fè yon aterisaj dijans.

XS
SM
MD
LG