Accessibility links

Breaking News

Iran-Zam Nikleyè-Negosyasyon yo Pap Kanpe.


Yadda Kiristoci Suka Gudanar Da Bukukuwan Easter A Jihar Kano
Yadda Kiristoci Suka Gudanar Da Bukukuwan Easter A Jihar Kano

Nan negosyasyon entènasyonal kap fèt sou pwogram nikleyè peyi Iran an, tou lè 2 pati yo atann yo aske dewoulman rankont yo kontinye pandan yon tan ki depase dat-limit yo te fikse sa gen lontan pou yo jwenn yon antant global sou kesyon an --dat-limit sa a se madi 30 jen 2015 la. Diplomat ameriken ak iranyen ki tap abòde dosye a dimanch, fè konnen delegasyon yo ap planifye pou yo rete nan vil Vyèn, ann Otrich kote deba yo ap dewoule a, menm aprè jounen madi a nan moman genyen anpil kesyon enpòtan ki poko jwenn repons.

Pami kesyon sa yo, sanble genyen posiblite pou enspektè Ajans Nasyonzini pou Enèji Nikleyè gen antre-sòti nan izin iranyen yo, plis kesyon pou konnen ak ki rapidite peyi ki an fas Teheran yo pral leve sanksyon yo mete sou do Iran yo. Mary Harf, pòtpawòl Depatman Deta a ki tap bay pozisyon Lèzetazini, deklare:

"Kesyon-kle a sè ke sanksyon yo va leve sou do Iran imedyatman aprè peyi sa a va fin pran premye dispozisyon enpòtan sou kesyon nikleyè a. Alòs, moun kapab konprann verite ki genyen nan pozisyon sa a: pi vit Iran pran dispozisyon ki pèmèt sa fèt, se pi vit nou va wè sanksyon yo leve; e sa fè pati akò a. Pi vit Iranyen yo va fè sa, se pi vit tou yo va jwenn soulajman yap chache a."

Minis afè etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif, rantre Teheran dimanch 28 jen 2015 la pou kèk konsiltasyon brèf e li gen pou l retounen nan vil Vyèn madi.

XS
SM
MD
LG