Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Repiblik Dominikèn/Depòtasyon: Reyaksyon Prezidan Martelly - Manifestasyon nan Petyonvil ak Miami


Prezidan Michel Martelly
Prezidan Michel Martelly

Prezidan Michel Joseph Martelly fè konnen se ak diyite ekip ki sou pouvwa a ap resevwa imigran ayisyen Repiblik Dominikèn ap voye tounen yo. Chèf leta a pwofite pou l lonje dwèt sou yon seri sektè ki, daprè li, ap pwofite pou yo pran yon woulib politik sou sitiyasyon peyi Panyòl kreye la a. Msye Martelly ajoute depòtasyon an pa ta dwe reprezante yon sipriz pou Ayisyen; gen lòt peyi, tankou Bahamas, k ap fè menm bagay la.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 26 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:41 0:00
Direct link

Yon lòt kote, sou inisyativ pati politik Platfòm Jistis, plizyè dizèn moun manifeste, jedi 25 jen 2015 la, devan lokal anbasad dominikèn nan nan Petyonvil pou yo te denonse fason operasyon depòtasyon an kòmanse. Paralèlman ak mouvman sa a ki dewoule ann Ayiti, Ayisyen ak militan kap viv nan Eta Florid, Ozetazini, manifeste devan anbasad dominikèn nan Miami, menm jounen jedi a, pou yo mande sèvis imigrasyon nan Santo Domingo, retounen sou desizyon li pran pou l depòte Ayisyen kap viv san dokiman legal sou teritwa panyòl la.

Sou plan politik, Prezidan Michel Martelly resevwa "Liv Blan Sekirite ak Defans Nasyonal la" pou yon devlopman ekonomik ak sosyal dirab ann Ayiti. Lidè ayisyen an pran angajman pou l aplike rekòmandasyon komisyon an fè nan dokiman an. Vis Prezidan komisyon an, Anbasadè Hervé Denis, fè konnen dokiman sa a se rezilta plizyè mwa travay kote patisipan yo te reflechi sou yon systèm sekirite ak defans pou akonpaye efò kap fèt pou gen devlopman ekonomik ak sosyal nan peyi a.

Ayiti - Eleksion

Plafòm Verite anonse pou lendi 29 jen 2015 la yon manifestasyon pou egzije Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) remete non kandida a la prezidans Jacky Lumarque sou lis elektoral la. 2 nan manm pati a, Jude Edouard -kandida pou pòs majistra komin Kafou a-- ak Joseph Wilner- kandida depite pou 3èm sikonskripsyon Pòtoprens la-- fè konnen pwofesè Jacky Lumarque te ekri Lakou dè Kont pou l te bay KEP a garanti li pat konn jere lajan leta. Enstitisyon elektoral la di desizyon li pran sou zafè eleksyon an se desizyon ki final e san rekou.

Anfen, responsab Misyon Nasyonzi pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) fèmen baz òganizasyon an te genyen nan Pò-de-Pè an prezans plizyè otorite lokal. Pi bonè nan mwa a, otorite MINUSTAH yo te fè menm bagay la nan 2 depatman: Grand'Ans ak Plato Santral

XS
SM
MD
LG