Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Depòtasyon : Gouvènman an Mande Aplikasyon Akò Ayisyano-Dominiken sou Rapatriman an


Jean Thezon, ki gen 26 zan, se youn nan imigran ayisyen otorite dominiken yo depòte.
Jean Thezon, ki gen 26 zan, se youn nan imigran ayisyen otorite dominiken yo depòte.

Plizyè santèn ayisyen k ap viv an Repiblik Dominikèn retounen ann Ayiti volontèman pou yo kite yon klima yo konsidere kòm "menasan" kap devlope kont yo nan peyi vwazen an. Ayisyen sa yo pat gen tan enskri nan pwogram Plan Regilarizasyon Etranje yo (PNRE) ki ekspire nan dat 17 jen 2015 la. Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman ayisyen an, Rotchild François Jr., ki pale ak Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, ensiste sou miz an aplikasyon Pwotokòl Dakò 1999 la ki mande yon kalandriye ak chwa yon zòn presi pou tout depòtasyon gouvènman dominiken an ap anvizaje.

Yon lòt kote, pòtpawòl la demanti nouvèl kap sikile nan laprès dominikèn e ki fè konprann gouvènman ayisyen an fèk pran yon desizyon pou l entèdi antre kèk pwodui dominiken sou tèritwa nasyonal la. Misye François presize se yon entèdiksyon ki te deja an plas; otorite yo sèlman ensiste sou aplikasyon strik entèdiksyon sa a.

Nouvèl Ayiti pou jedi 25 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:46 0:00
Direct link

Yon lòt kote, anbasadè dominiken ann Ayiti, Ruben Silie Valdes, konfime nan laprès dewoulman yon rankont ant yon delegasyon dominikèn ki te gen nan tèt li vis minis enteryè Washington Gonzales ak reprezantan òganizasyon entènasyonal ak diplomat etranje sou kesyon rapatriman an. Objektif rankont la se chache bay garanti Repiblik Dominikèn ap respekte prensip dwa entènasyonal sou depòtasyon. Diplomat la swete rankontre ak Premye Minis Evans Paul pou yo abòde dosye enpòtan sa a.

Bò kote pa l, analis politik Robert Benodin ak lidè Pati Respè e kandida a la prezidans Charles Henry Baker, ki t ap patisipe nan pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl la, Dyaloge ak Etazini, mèkredi 24 jen an, kwè otorite ayisyen yo ta dwe enplike kominote entènasyonal la plis nan rechèch yon solisyon pou kriz la e mande l entèveni pi dirèkteman nan dosye a.

AYITI-ELEKSYON

Konseye elektoral Nehemie Joseph, ki t ap fè komantè sou desizyon konsèy elektoral la pran pou l ekate 2 kandida nan kous a la prezidans la, fè konnen dekrè elektoral la genyen dispozisyon ki otorize KEP a ekate nenpòt kandida si manm yo dekouvri kandid sa a vyole lalwa. Pou sa ki konsène kandida Pati Verite a, Pwofesè Jacky Lumarque, Misye Joseph fè konnen se tout manm KEP a, san wete youn, ki vote pou rejte kandidati li; se pa yon desizyon yo pran a la lejè, paske li baze sou yon analiz apwofondi dosye kandida a te soumèt devan konsèy la. Konseye Elektoral la fini pa di desizyon KEP final, kandida konsène yo pa gen oken rekou.

Anfen, direktè Polis Nasyonal la, Godson Orelus, vizite depatman Sidès peyi a pou l evalye sitiyasyon sekirite a nan moman otorite yo ap pare pou yo òganize eleksyon lejislatif ak prezidansyèl pandan ane 2015 la.

XS
SM
MD
LG