Accessibility links

Breaking News

7èm Dyalòg Estratejik ak Ekonomik Amerikano-Chinwa ap Dewoule nan Washington.


Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, nan diskou sikonstans li pandan ouvèti 7èm sesyon Dyalòg Estratejik ak Ekonomik amerikano-chinwa a madi 23 jen 2015 la nan D.C.
Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, nan diskou sikonstans li pandan ouvèti 7èm sesyon Dyalòg Estratejik ak Ekonomik amerikano-chinwa a madi 23 jen 2015 la nan D.C.

Plizyè santèn diplomat chinwa twouve yo semèn sa a nan kapital Lèzetazini an, Washington, pou yo patisipe nan 7èm edisyon anyèl sa ki rele Dyalòg Estratejik ak Ekonomik Amerikano-chinwa a, kote yo pral fè deba sou kesyon tankou sekirite sou entènèt la ak tansyon kap monte sou kontinan azyatik la akoz pwoblèm limit fwontyè maritim.

Daprè yon espesyalis chinwa, relasyon ant Washington ak Peken --kapital 2 pi gwo puisans ekonomik mondyal yo-- se relasyon ki trè konplike jounen Jodi a; men li ensiste pou l di se relasyon 2 peyi yo kapab jere gras ak kontak sere-sere ki egziste antre yo.

Pou pòtpawòl Depatman Deta a, John Kirby --ki tap abòde dosye a lendi 22 jen 2015 la-- semèn sa a reprezante yon gwo moman nan relasyon sino-amerikèn yo. Pèsonalite ki responsab òganizasyon 7èm dyalòg ant Lèzetazini ak Lachin nan, daprè pòtpawòl la, se chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, ak minis Trezò a, Jack Lew. John Kirby ajoute : "Alòs ke 2 peyi yo genyen gwo mezantant antre yo toujou, yo rekonèt genyen anpil domèn kote yo kapab kowopere pou benefis yo tou lè 2. E dyalòg sa a se youn pami plizyè mwayen Washington ak Peken kapab itilize pou yo rezoud mezantant yo epi defann enterè komen yo.

XS
SM
MD
LG