Accessibility links

Breaking News

Egzèsis Sòlda l’OTAN nan Lapolòy. Preparasyon yon “Fòs Repons Rapid”.

Sòlda sa yo --ki chita sou tèt kèk machin anfibi-- fè pati twoup l'OTAN kap patisipe nan egzèsis ki rele BALTOPS 2015. Objektif la se pwoteje alye nan rejyon baltik la kont yon Larisi ki rekòmanse parèt. (Foto: Vil Ustka, Polòy, 17 jen 2015).

Plis pase 2 mil sòlda ki sòti nan kèk peyi manm l'OTAN twouve yo nan La Polòy kote yap patisipe nan premye egzèsis kap dewoule nan kad kreyasyon sa Oganizasyon Trete Altantik Nò a rele "yon fòs repons rapid". Sou objektif egzèsis sa yo, sekretè jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg, fè deklarasyon sa a.

"Nou bezwen yon fòs ki pare, ki prèt pou pase alaksyon; nou dwe an mezu tou pou n pran desizyon rapid pou n kapab fè fas ak menas yo, ak defi yo menm lè nou pa ta resevwa avètisman davans."

Misye Stoltenberg pale konsa nan jounen jedi 18 jen 2015 la nan peyi La Polòy pandan li tap resevwa jounalis ki asiste egzèsis kote sòlda polonè, tchèk ak lityanyen ki fè pati yon fòs espesyal bay yon demonstrasyon koutzam lou an dirèk pandan inèdtan devan jounalis yo.

XS
SM
MD
LG