Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Pare pou Resevwa Plizyè Santèn Milye Imigran Repiblik Dominiken ap Depòte


Jaquenol Martinez montre kat didantite ki pwouve l ap travay nan yon chan kann dominiken depi 1963 nan moman lt tap aplike nan pwogram PNRE a nan Santo Domingo.
Jaquenol Martinez montre kat didantite ki pwouve l ap travay nan yon chan kann dominiken depi 1963 nan moman lt tap aplike nan pwogram PNRE a nan Santo Domingo.

Plan Nasyonal Regilarizasyon Etranje yo (PNRE) antre an aplikasyon an Repiblik Dominikèn mèkredi 17 jen 2015 la. Lwa sa a kapab debouche sou depòtasyon plizyè santèn milye ayisyen ou desandan ayisyen ki swadizan ap viv ilegalman nan peyi a. Byen ta nan jounen mèkredi a, yon gwoup ayisyen te oganize yon manifestasyon nan Santo Domingo pou yo pwoteste kont le fèt ke otorite yo te fèmen rejis enskripsyon yo anvan lè.

Otorite dominiken yo fè konnen tout moun ki pat aplike pou regilarize sitiyasyon yo, tonbe nan ilegalite otomatikman. Minis enteryè dominiken an, Ramon Fadul, fè konnen tout mache-prese, tout mannèv dènye minit moun ki ilegal yo te fè pou yo eseye rete nan peyi a, pap bay okenn rezilta.

Nouvèl Ayiti pou jedi 18 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:02 0:00
Direct link

Pi bonè semèn sa a, Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, te fè konnen li pa genyen yon ide presi sou dat dominiken yo kapab komanse depòte ayisyen yo. Misye Paul te ensiste sou le fèt ke Minis Afè Etranjè dominiken an, Andres Navarro, te fè konnen pap genyen okenn depòtasyon masif. Plizyè santèn ayisyen kòmanse retounen nan peyi yo volontèman.

Reyaksyon sou Dosye a:

Ann Ayiti: Senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien-Aime, eksprime enkyetid li poutèt, daprè li, otorite ayisyen yo poko pran dispozisyon pou yo resevwa imigran ayisyen ki pa gen tan enskri nan Plan Nasyonal Regilarizasyon Etranje yo an Repiblik Dominikèn. Senatè Jean Baptiste Bien Aime pale konsa malgre gouvènman an anonse li pran tout dispozisyon ki nesesè pou li byen akeyi imigran ayisyen yo. Bò kote pa l, kandida a la prezidans Clarens Renois lanse yon apèl solidarite bay tout sektè nan peyi a pou yo pare pou ofri imigran ayisyen yo yon bèl resepsyon.

Anfen, mèkredi 17 jen 2015 la, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) mete devan kandida yo echantiyon bilten vòt ki pral sèvi nan eleksyon lejislativ ki fikse pou 9 out 2015 la. Prezantasyon sa a dewoule kèk jou apre Òganizasyon Eta Ameriken yo te anonse li pare pou l voye ann Ayiti yon misyon obsèvasyon elektoral nan kad aplikasyon yon akò Minis Afè Etranjè ayisyen an, Lener Renauld, siyen ak Sekretè Jeneral OEA, Luis Almagro, nan jounen madi 16 jen 2015 la.

XS
SM
MD
LG