Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Nèf sou Ankèt Lajistis Swis sou Koripsyon nan Mitan FIFA


Minis jistis swis la, Michael Lauber, ki tap pale ak jounalis yo nan yon konferans nan vil Bern, an Swis, mèkredi17 jen 2015 la.
Minis jistis swis la, Michael Lauber, ki tap pale ak jounalis yo nan yon konferans nan vil Bern, an Swis, mèkredi17 jen 2015 la.

Nan peyi Laswis, otorite lajistis yo ap mennen ankèt sou 53 ensidan posib sou afè lavaj lajan ki konsène fason otorite FIFA yo te deside ki peyi ki ta pral òganize Koup di Mond Football la an 2018 ak 2022. Minis jistis swis la, Michael Luber -ki tap abòde dosye a mèkredi 17 jen 2014 la-- deklare se sistèm bankè peyi a ki te atire atansyon otorite yo sou iregilarite tranzaksyon ki te fèt yo. Daprè li, bank yo fè devwa yo lè yo rapòte tranzaksyon sa yo bay lajistis, e li lanse avètisman pou l di "afè sa a ka ale lwen e li konplike anpil.”

Pandan Misye Luber tap pale ak laprès, li di li pa ekate nesesite pou l entèwoje prezidan FIFA a, Sepp Blatter li-menm, ki aksepte bay demisyon n aprè eklatman eskandal ki mare pye responsab pi gwo asosyasyon football ki egziste nan lemond la.

Ankèt otorite lajistis swis yo ouvè a ap chache fè limyè sou akizasyon ki di kòm kwa dirijan FIFA yo ta mele nan move jesyon lajan asosyasyon an e nan lavaj kòb yo ta fè nan kondisyon louch, tankou lajan yo ta resevwa anba tab pou yo te bay peyi Larisi ak Katar òganize mondyal la nan lane 2018 ak 2022 respektivman.

Mwa pase a lajistis amerikèn, bò kote pa l, te akize ofisyèlman 9 dirijan FIFA ak 5 PDG konpayi dèske yo vyole lalwa --vyolasyon ki sòti nan kout-lajan anba tab, an pasan pa fwod nan itilizasyon kominikasyon elektwonik, pou rive nan lavaj move lajan. Akoz eskandal afè sa a pwovoke, FIFA deside kanpe pwosesis kote peyi-manm yo genyen pou soumèt kandidati yo pou òganizasyon mondyal 2026 la.

XS
SM
MD
LG