Accessibility links

Breaking News

OEA ap Voye yon Misyon Obsèvasyon Elektoral ann Ayiti


Haiti -OAS
Haiti -OAS

Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap voye ann Ayiti yon misyon obsèvasyon elektoral pou swiv eleksyon yo nan tout nivo (lejislatif, prezidansyèl ak lokal), dapre yon akò Sekretè Jeneral OEA a, Luis Almagro, ak Minis Afè Etranjè ayisyen an, Lener Renauld, siyen nan jounen madi 16 jen 2015 la. 2 ofisyèl yo siyen akò sa a nan moman prezidan BED lwès 1-an, Claudy Morisseau Silfa, fè konnen biwo elektoral kominal la deja anrejistre 62 ka kontestasyon pou pi piti konsènan kandida ki enskri pou yo patisipe nan eleksyon minisipal ak lokal yo. Selon Misye Silfra, biwo kontansye elektoral kominal la ap tande ka kontestasyon pou BEK Petyonvil la mèkredi 17 ak jedi 18 jen an, epi yo pral abòde kontestasyon konsènan Komin Delma a nan jounen vandredi 19 la.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 17 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:36 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Minis Afè Etranjè espayòl la, Osse Garcia Margallo, anonse yon chita pale ak peyi zanmi Ayiti yo sou apui bidjetè yap pote bay leta ayisyen pou ede Ayiti òganize eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la nan peyi a.

Reprezantan pèmanan Lèzetazini nan LONU, Samanta Power, fè depozisyon n, nan jounen madi 16 jen 2015 la, devan komisyon Afè Etranjè kongrè ameriken sou koz rediksyon efektif twoup Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini yo ann Ayiti (MINUSTAH) avan dewoulman eleksyon ki fikse pou mwa wout ak oktòb ane sa a. Seyans depozisyon sa a dewoule nan moman reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Sandra Honoré, anonse twoup MINUSTAH yo pral pati kite Depatman Grand'Ans la.

Anfen, Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, rankontre, nan menm jounen madi 16 jen an, ak plizyè minis nan gouvènmanl n nan pou yo te pale de preparatif otorite yo ap fè pou yo resevwa ayisyen ak desandan ayisyen Repiblik Dominikèn ap pare pou l depòte kòm etranje kap viv swadizan ilegalman nan peyi a. Mesye Paul lanse yon apèl kote li mande solidarite tout sektè nan vi nasyonal la pou yo patisipe nan efò pou resevwa konpatriyòt yo.Delè otorite dominiken yo te fikse pou etranje sa yo regilarize sitiyasyon yo ap bout mèkredi 17 jen an, a minui. Otorite ayisyen yo te gen pou bay resòtisan yo dokiman ki nesesè pou evite depòtasyon plizyè milye ayisyen kap viv nan peyi panyòl. Desizyon sa a konsène plizyè jenerasyon ayisyen ak desandan yo, puiske li konsène moun ki nan peyi a depi 1929. Daprè yon antant ki te pase ant Minis Afè Etranjè dominiken an, Andrés Navarro, ak responsab ayisyen yo, otorite panyòl yo gen 45 jou pou yo konsidere modalite depòtasyon an.

XS
SM
MD
LG