Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: 58 Kandida Otorize pou Patisipe nan Pwochen Prezidansyèl yo


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye lis ofisyèl kandida ki abilite pou yo patisipe nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo. Konsèy la retni 58 sou 70 kandida --pami yo genyen 4 fi ak 2 endepandan. Pi fò pami 12 kandida KEP a rejte yo te okipe pos ministeryèl, tankou ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe ak ansyen Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Thierry Mayard-Paul, ak senatè Sidès la Edwin Zenny.

Analis politik Robert Bénodin konsidere premye tou prezidansyèl yo kòm yon eleksyon primè ki pral redwi lis la pou l rete ak 2 kandida pou 2ièm tou a.

Nouvèl Ayiti pou lendi 15 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:35 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kandida a la prezidans Konsèy Elektoral Pwovizwa a bay kanè yo kapab retounen devan KEP a pou yo jwenn eksplikasyon sou rezon ki fè yo pa kalifye pou yo patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo. Pwofesè Gracien Jean di kandida ekate yo kapab retounen nan kous la si yo kapab pwouve Konsèy Elektoral la te komèt yon erè nan lekti dosye yo.

Mèt Camille Edouard fè konnen responsabilite enstitisyon elektoral la se asire l ke kandida yo ranpli kondisyon lwa elektoral la ak konstisyon peyi a fikse pou yon sitwayen patisipe nan yon eleksyon prezidansyèl. Nan Orlando Florid, ansyen senatè e lidè pati politik Robert Opont, di lis KEP a pibliye a montre KEP a gen pati-pri, puiske li kite nan kous la kandida ki gen menm pwoblèm ak lòt ki resevwa move kanè.

Anfen, tèm Jounen Mondyal Dwa Timoun yo ann Ayiti --ki tonbe ane sa a nan dat 14 jen 20`5 la-- sete: "Vòt Pa m nan se pou Pwoteksyon Timoun yo."

XS
SM
MD
LG