Accessibility links

Breaking News

Eskandal nan FIFA – Lavni Ensèten pou prezidan federasyon an, Sepp Blatter.


Prezidan UEFA a, ansyen entènasyonal fransè Michel Platini, nan yon konferans pou laprès nan Zirik, peyi Laswis, jedi 28 me 2015 a, kote li mande Stepp Blatter bay demisyon n .
Prezidan UEFA a, ansyen entènasyonal fransè Michel Platini, nan yon konferans pou laprès nan Zirik, peyi Laswis, jedi 28 me 2015 a, kote li mande Stepp Blatter bay demisyon n .

Prezidan FIFA (Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon), Sepp Blatter, lanse yon apèl pou l mande linite pami manm òganizasyon an e li pwomèt pou l travay sou skandal koripsyon ki pete nan mitan federasyon an si li re-eli vandredi 29 mai 2015 la nan tèt federasyon an.

Mesye Blatter pran lapawòl nan okazyon 65e kongrè anyèl FIFA-a kap dewoule nan vil Zirik, nan peyi Lasuis, kote manm yo ap pare pou yo vote e deside si wi ou non yap ba prezidan sòtan an yon lòt manda. Prens Ali bin al-Hussein, moun peyi Jòdani, se sèl advèsè li nan kous la.

Sepp Blatter deklare arestasyon 7 ofisyèl FIFA, mèkredi 27 me pase a, reprezante yon siklòn ; men li lanse yon apèl pou l mande linite ak yon espri d’ekip pou FIFA kapab avanse. Jedi 29 me a, Misye Blatter te di FIFA gen pou l fè fas ak lòt move nouvèl.

2 asosyasyon foutbòl te mande prezidan FIFA a bay demisyon n anvan Kongrè a . Pa egzanp, foutbolè lejandè fransè e prezidan UEFA a, Michel Platini, mande Misye Blatter kareman pou l kite pòs la. Depatman Jistis ameriken an te anonse, nan jounen mèkredi a, li akize ofisyèlman 14 manm FIFA dèske yo komèt fwod ak magouy ki sòti nan kout-lajan anba tab pou rive nan lavaj lajan, an pasan pa itilizasyon ilegal kominikasyon elektwonik.

XS
SM
MD
LG