Accessibility links

Breaking News

Ansyen Premye Minis Laurent Lamothe Mande Sena a Korije Erè li Di ki nan Rapò Kou Dèkont la


Ansyen Premye Minis Ayisyen Laurent Lamothe
Ansyen Premye Minis Ayisyen Laurent Lamothe

Youn nan manm Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal Wès-1an (BCED ), Claudy Morisseau , fè konnen jij elektoral yo fin tande tout ka kontestasyon kont kandida ala prezidans yo.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 27 me 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Msye Morisseau ajoute: kounye a, jij yo ap delibere apre pati konsène yo fin depoze pyès yo.

Yon lòt kote, youn nan kandida konteste pou pòs prezidan an, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe, denonse sa li konsidere kom erè ki ta genyen nan rapò odit Lakou Siperyè Dèkont fè sou jesyon li nan tèt ministè Planifikasyon an. Ansyen chèf gouvènman an di li pral depoze yon lèt kontestasyon nan sena a pou egzije yon koreksyon nan rapò a malgre li rekonèt gen yon pati nan lajan ministè a ki merite jistifye.

Anfen, senatè Plato Santral la, Francisco De la Cruz, fè konnen rapò Lakou Siperyè dèkont la defavorab pou ansyen premye Minis la. Selon senatè a, BCED a dwe rejte kandidati ansyen chèf gouvènman an akòz rapò a montre li te mal jere lajan ministè planifikasyon an.

XS
SM
MD
LG