Accessibility links

Breaking News

Eskandal Pete nan FIFA – Lapolis Arete Plizyè Dirijan Federasyon Entènasyonal Football la pou Magouy


Arestasyon manm FIFA yo fèt pandan y ap patisipe nan 65èm Kongrè Federasyon an nan vil Zurik nan peyi Laswis.
Arestasyon manm FIFA yo fèt pandan y ap patisipe nan 65èm Kongrè Federasyon an nan vil Zurik nan peyi Laswis.

Federasyon Entènasyonal Football Association an (FIFA) pran yon gwo kokenn kou, mèkredi 27 me 2015 la, nan men jistis federal Lèzetazini an ki akize ofisyèlman kèk dirijan --ansyen e aktyèl-- federasyon an deske yo mele nan koripsyon. Kou a vin pi gwo toujou, paske akizasyon sòti tou bò kote otorite peyi Laswis yo pou menm afè a, sètadi otorite FIFA yo ta aksepte fè magouy lè yo tap deside ki peyi kap òganize Koup di Mond 2018 ak 2022 yo.

Tribinal Ozetazini ak nan Laswis resevwa 47 chèf-akizasyon kont 14 manm FIFA; akizasyon yo sòti nan rakèt (sètadi kout-lajan anba tab), fwod nan kominikasyon elektwonik ak lavaj lajan nan yon zak ilegal ki, daprè otorite lajistis yo, ta gen ladan n direktè jeneral ak adminsitratè kèk gwo medya ki ta peye oubyen pwomèt pou yo peye plis pase 150 milyon dola pou yo ka gen dwa retransmisyon ak maketing koup di mond yo.

Depatman jistis ameriken an prezante eskandal sa a kòm "yon magouy ki la depi 24 tran e kote kèk ofisyèl FIFA yo ap anrichi tèt yo gras ak koripsyon ki simaye anndan mouvman football mondyal la. Minis jistis ameriken an, Madam Loretta Lynch, reyaji ak deklarasyon sa a:

"Bagay sa a la depi omwen 2 jenerasyon ofisyèl FIFA ki, daprè akizasyon yo, abize pozisyon konfyans yo okipe a pou yo ranmase plizyè milyon dola nan kout-lajan anba tab ak rekonpans ilegal."

Prezidan Lig Football Fransè a, Frédéric Thiriez, deja reyaji tou pou l di sa k rive a choke l anpil-anpil; li te toujou lite kont koripsyon nan mitan mouvman football la e li swete lajistis ak lapolis ale jiskobou ak afè sa a.

Otorite yo pral ekstrade kèk nan akize yo Ozetazini pou jijman, paske bank kote yo depoze lajan yo fè nan magouy sa yo, se bank amerikèn.

XS
SM
MD
LG