Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: KEP a ap Resevwa Kontestasyon konsènan Kandida a la Prezidans yo


UN-Haiti
UN-Haiti

Se samdi 23 me 2015 la delè sitwayen yo genyen pou soumèt kontestasyon kont kandida a la prezidans yo ap rive nan fen li, dapre kalandriye elektoral la. Senatè Plato Santral la, Francisco Dela Cruz, leve vwa l kont gwo kantite kandida ki enskri pou prezidansyèl Oktòb 2015 la. Misye de la Cruz swete KEP a pran responsabilite li lè l ap analize dosye kandida yo. Konsèy elektoral la gen jisko 30 me pou li analize dosye kontestasyon yo avan li pibliye lis kandida lap kite an ous la. 70 kandida enskri --pami yo genyen 6 fi.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 22 me 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:08 0:00
Direct link

Yon lòt kote, depi pwosesis elektoral la kòmanse, kesyon ap poze pou mande èske Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) kapab sèvi kòm yon enstans dènye rekou nan ka kontestasyon yo, oubyen eske pati konteste yo pa ta dwe gen dwa ale pi lwen ak yon desizyon BCNE nan, si yo panse desizyon sa a leze dwa yo? Sou kesyon sa a, jounalis e ansyen senatè Robert Opont ak kowòdonatè OPL la, politiològ Sauveur Pierre Etienne, gen pozisyon diferan.

Anfen, Mache ekonomik inik CARICOM (CSME) ak Biwo Kowòdinasyon swivi Akò CARICOM, OMC, ZLEA (BACOZ) òganize yon atelye travay ak diferan aktè ann Ayiti sou tèm:

“Dwa etablisman antrepriz ann Ayiti.”

Daprè kowòdonatè jeneral BACOZ la, Chenet Saint-Vil, objektif atelye sa a se ofri patisipan yo yon okazyon pou yo reflechi sou fason pou elimine obstak yon òmdafè rankontre lè lap chache ouvè yon antrepriz nan rejyon karayib la.

XS
SM
MD
LG