Accessibility links

Breaking News

Piblikasyon Lis Kandida KEP a Otorize Patisipe nan Eleksyon Lejislatif yo


Ann Ayiti: Reyaksyon tonbe apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a fin pibliye lis kandida li otorize patisipe nan eleksyon lejislatif mwa dout pwochen yo. Plizyè kandida pran move kanè; pam yo genyen Premyè Dam nan, Sophia Saint Remy Martelly, ki te kandida pou pòs senatè Depatman Lwès la; Roudy Boulos, kandida pou pòs senatè Depatman Nòdès la. Lis la montre 2 ansyen senatè Depatman Sidès la, Joseph Lambert ak Wencesclass Lambert, jwenn otorizasyon pou yo patisipe nan eleksyon senatoryal yo pou menm depatman an.

Ansyen Depite Vickens Dérilus, ki te enskri pou sikonskripsyon Vèrèttes la e ki pa jwenn benediksyon KEP a, di desizyon sa a reprezante yon veritab sipriz pou li e li prale pi lwen ak afè a.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 15 Me 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:43 0:00
Direct link

Yon lòt kote, jedi 14 me a fè 4 tran depi Michel Martelly te prete sèman kòm prezidan peyi d Ayiti. Nan okazyon an, premye mandatè ayisyen an, ki te gen avèk li premye Minii Evans Paul, inogire kyòsk Oxide Jeanty a aprè yon travay restorasyon ki koute 3 milyon 800 mil dola.

Anfen, pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Garry Desrosiers, fè konnen otorite yo arete 16 moun nan kad ankèt yap mennen sou yon kagezon dwòg yo te sezi nan yon bato komèsyal sou Waf Vareux a -ki rele tou Waf Mevs. Pòt pawòl la ajoute yo déjà tande plis pase 35 moun nan kad dosye sa a, pami yo gen reprezantan ajans Madsen, reprezantan Nabatco, ki se gwoup Acra, ak reprezantan tèminal Mevs yo.

XS
SM
MD
LG