Accessibility links

Breaking News

Gitaris Lejandè Nwa-Ameriken B.B. King Mouri. Li te gen 89 Van.


Prezidan Barack Obama --ki te gen mizisyen B.B. King bò kote l-- tap salye foul la nan yon seremoni kote yo tap limen Ab de Nwèl Nasyonal la sou yon plas piblik ki tou prè La Mezon Blanch nan Washington. (Foto: 9 desanm 2010).
Prezidan Barack Obama --ki te gen mizisyen B.B. King bò kote l-- tap salye foul la nan yon seremoni kote yo tap limen Ab de Nwèl Nasyonal la sou yon plas piblik ki tou prè La Mezon Blanch nan Washington. (Foto: 9 desanm 2010).

Gitaris lejandè nwa-ameriken B.B. King --ke yo konsidere kòm youn nan mizisyen "blues" ki gen plis enfliyans nan tout tan ki gen tan--- mouri. Li te genyen 89 van. Wa misik Blues la mouri trankilman pandan li tap dòmi nan nuit jedi 14 me pou leve vandredi 15 me 2015 la, lakay li nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada, daprè sa avoka li fè konnen.

Pandan yon karyè ki dire preske 70 zan, King te ede popilarize mizik blues la e li te gen enfliyans sou plizyè jenerasyon mizisyen kap milite nan estil rock and blues la.

B.B. King te pran nesans nan ane 1925 sou yon plantasyon koton nan Eta Mississipi, nan pati sid Lèzetazini. Li te antre nan endistri mizik la kòm yon disk jockey nan yon estasyon radyo nan vil Memphis, Eta Tennessee, kote li te konn bay show tou e kote sa pat pran lontan pou yo rele l « The Blues Boy » oubyen « Ti gason Blues la »… yon ti non jwèt fanatik yo ta pral abreje aprè pou yo rele misye « B.B. »

B.B. King, ki te toujou parèt sou sèn ak yon gita li te rele « Lucille », te gen onè wè yo entwodui li nan Panteyon Mizik Rock and Roll la ak Panteyon Fondasyon Blues la. Pami mizik li te anrejistre ki pi popilè yo, genyen The Thrill is Gone, Let the Good Times Roll, avèk How Blue Can you Get.

XS
SM
MD
LG