Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Aprè Eliminasyon Kandidati Premyè Dam d Ayiti a, Sophia S. R.Martelly, nan Eleksyon Senatoryal yo.


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Ann Ayiti, reyaksyon depaman tonbe apr Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) fin pran desizyon pou l ekate nan kous elektoral la Premyè Dam nan, Sophia Saint-Rémy Martelly, ki te kandida pou pòs senatè Depatman Lwès la. Mèt Gervais Charles, ki te reprezante pati ki te denonse kandidati Madam Martelly a, di gen plizyè rezon ki fè BCEN nan pwononse l anfavè kan kontestatè a -tankou dosye ki montre Premyè Dam nan pat yon sitwayèn ayisyèn lè li te enskri pou l vote nan eleksyon ane 2010 yo epi li pat resevwa dechaj aprè li te fin administre pwogram kont grangou Prezidan Martelly te mete anba direksyon li.

Nouvèl Ayiti pou jedi 14 Me 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:02 0:00
Direct link

Mèt Grégory Mayard-Paul, youn nan avoka kap defann Premyè Dam nan, fè konnen desizyon BCEN nan se yon sezisman pou li. Mèt Mayard-Paul di BCEN nan koube anba presyon lari a olye li aplike lalwa. Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la pran desizyon an favè kontestatè yo malgre Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal (BCED) te deeja apwouve kandidati Madam Martelly a. Konsèy Elektoral Pwovizwa gen pou l revize dosye kandida yo avan li pibliye lis definitif la.

Bò kote pa l, Premye Minis Evans Paul di li espere ofisyèl BCEN yo baze desizyon yo a sou lalwa e li atire atansyon sou presedan sa kapab genyen sou Ayisyen ki pran nesans nan peyi etranje, tankou Repiblik Dominikèn.

Anfen, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, bay detay sou jan li konprann aplikasyon yon plan Marshall pou Ledikasyon ann Ayiti Prezidan Fransè a, Francois Hollande, te evoke pandan pasaj li nan Pòtoprens nan kòmansman nan. Minis Manigat swete peyi a genyen plis pwofesè eksperimante e li plede pou sektè edikasyon an jwenn finansman ki nesesè pou yon ansèyman de kalite ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG