Accessibility links

Breaking News

Vizit Istorik Prezidan François Hollande ann Ayiti


Prezidan fransè a, Francois Hollande.
Prezidan fransè a, Francois Hollande.

Prezidan fransè a, François Hollande, vizite peyi d Ayiti nan jounen madi 12 me 2015 la anvwion 5 kan aprè Nicolas Sarkozy te tounen premye lidè fransè ki ale Pòtoprens aprè tranblemanntè janvye 2010 la.

Pandan sejou li nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, Prezidan Hollande te akonpaye Prezidan Michel Martelly pou yon vizit nan Mize Panteyon Nasyonal d Ayiti a (MUPANAH) kote li rann omaj pou ewo nasyonal aysiyen yo, epi li depoze yon jèb flè devan estati Toussaint Louverture, « précurseur » endepandans nasyonal Ayiti a.

Repòtaj VOA-Creole sou Vizit Prezidan François Hollande nan peyi d Ayiti. 12 me 2015.
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:41 0:00
Direct link

Nan yon seremoni ki dewoule devan Palè Nasyonal la, Prezidan Martelly ak Prezidan Hollande fè, yo chak, yon diskou kote yo pale de long istwa relasyon ki egziste ant Ayiti ak Lafrans. Yo bay detay tou sou espwa yo genyen pou avni rapò ayisyano-ransè yo. Klike sou lyen ki sou tèt paragraf sa a pou w koute yon repòtaj Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG