Nan peyi Ameni, prezidan Serge Sarkisian di lidè mondyal yo mèsi poutèt yo asiste yon sèvis-souvni nan memwa viktim yon seri asasina pa bann e pa pakèt sitwayen amenyen te sibi anba men Tik Otoman yo nan yon operasyon-jenosid ki te kòmanse sa gen yon syèk jou pou jou,vandredi 24 avril 2015 la.
Misye Sarkisian te pran lapawòl nan anplasman kote yo bati yon mozole pou viktim sa yo ki te mouri ansasinen pandan Premye Gè Mondyal la. Li deklare prezans lidè enpòtan sa yo nan seremoni an (tankou prezidan Lafrans, Larusi, La Sèbi ak lidè pati Lil Chip ki anba kontwòl Lagrès la) montre angajman yo pou yo defann prensip imen yo, paske yo montre yo pa bliye anyen.
François Hollande, Prezidan Lafrans la (yon peyi ki gen yon gwo kominote amenyen lakay li) deklare peyi sa a pap janm bliye tout Amenyen Tik yo te ansasinen paske yo te panse tou senpleman Amenyen yo te pran pozisyon bò kote lennmi Latiki nan lagè a, an palan de Larisi. Prezidan ris la, Vladimir Putin, li menm tou, te pran lapawòl pou l di pa kapab genyen okenn jistifikasyon pou asasina pa bann e pa pakèt.
Misye Holland, Misye Putin avèk kèk lòt lidè mondyal ofri yon flè jonn òganizatè yo depoze nan mitan yon jèb-flè ki fèt yon fason pou l pote yon mesaj ki di "Pa bliye mwen"; se flè sa a ki sèvi kòm senbòl komemorasyon an.
Plizyè santèn milye moun te reponn prezan nan vil Yerevan, kapital Ameni, pou yo make anivèsè asasina yo ki reprezante jiskaprezan yon koz mezantant diplomatik ant divès peyi ak gouvènman tik la.