Accessibility links

Breaking News

Ouvèti sou Kiba – Espwa pou Konpayi Amerikèn yo


Gouvènè New York la, Andrew Cuomo (nan mitan) ap pale ak laprès apre yon rankont avèk kadinal kiben Jaime Lucas Ortega y Alamino (agoch) nan La Avàn, Kiba, nan dat 20 avril 2015 la.
Gouvènè New York la, Andrew Cuomo (nan mitan) ap pale ak laprès apre yon rankont avèk kadinal kiben Jaime Lucas Ortega y Alamino (agoch) nan La Avàn, Kiba, nan dat 20 avril 2015 la.

Desizyon administasyon Obama a pran pou l fè yon ouvèti sou Kiba, ofri konpayi amerikèn yo espwa yo pral kapab fè biznis ak peyi karayib sa a, menmsi anbago ekonomik kap peze sou do La Avàn nan poko leve.

Nan 2 zou 3 ane ki pase yo, kèk konpai ki baze Ozetazini te gen posiblite pou yo ekspòte kèk pwodui nan direksyon Kiba; e desizyon gouvènman ameriken an pran, sa pa gen lontan, pou l wete peyi a sou lis nasyon kap patwone zak teworis, kapab relache restriksyon yo epi pèmèt plis tranzaksyon fèt ant 2 peyi yo.

Se konsa kèk gwo konpayi amerikèn, tankou Master-Card ak American Express, deja mete yo an ran pou yo gen plas yo pami premye antrepriz ki pral travèse Detwa Florid la pou yo tire benefis nan nouvo echanj komèsyal amerikano-kiben yo. Sepandan, kèk espesyalis lanse avètisman pou yo di se pa tout konpayi amerikèn ki pral kapab benefisye de chanjman yo. Pa egzanp Antonio C. Martinez, yon espesyalis kap travay pou Enstiti Gotham sou Relasyon Entègouvènmantal, di pwogrè yo pap rapid e se Kiba ki pral poze kondisyon yo. Misye Martinez deklare:

"Pandan tout moun vle fè biznis ak Kiba, nou pa dwe bliye Kiba pa pral fè biznis ak tout moun. Kiben yo nan yon pozisyon totalman espesyal kote yo pral fè "la petite bouche" epi chwazi ak kilès yo pral travay."

Nan moman relasyon yo poko fin nòmalize nèt ant Washington ak La Avàn, preparasyon deja fèt pou ogmante echanj agrikòl ant 2 peyi yo. Epi, puiske Kiba gen anpil bezwen nan domèn enfrastrikti a, analis yo prevwa konpayi amerikèn yo gen anpil bèl afè yo kapab fè nan domèn telekominikasyon an.

XS
SM
MD
LG