Accessibility links

Breaking News

Konferans Inyon Ewòp la sou Trajedi Boat People Nan Meditèrane a


Responsab Inyon Ewòp la pou Afè Etranjè, Federica Mogherini (nan mitan) ap obsève yon moman silans pandan rankont minis afè etranjè IE la nan lokal Inyon an nan Luxembourg.. (Foto: 20 avril 2015).
Responsab Inyon Ewòp la pou Afè Etranjè, Federica Mogherini (nan mitan) ap obsève yon moman silans pandan rankont minis afè etranjè IE la nan lokal Inyon an nan Luxembourg.. (Foto: 20 avril 2015).

Minis afè etranjè ak minis enteryè eta-manm Inyon Ewòp la (I.E.) ap patisipe nan yon konferans nan Luxembourg pou yo abòde dezas vwayaj boat people pa sispann rive nan zòn Meditèrane a. Konferans sa a, kap fèt lendi 20 avril 2015 la, ap dewoule nan moman peyi Itali ap kontinye yon gwo kokenn rechèch ak yon gwo operasyon sekou nan Lanmè Meditèrane a aprè yon bato te koule tou prè kòt peyi Libi avèk plizyè santèn imigran abò l.

An menm tan tou, gad kòt italyen ap eseye pote sekou bay imigran peyi Siri ki sou yon bato ki an difikilte tou prè kòt Zile Sisil. 2èm bato a --ki te sòti nan peyi Tiki-- gen abò li 13 timoun sou yon total 98 pasaje siryen.

Prensipal responsab pou afè entènasyonal Inyon an, Federica Magherini, deklare I.E. genyen «yon obligasyon moral pou nou konsantre responsablite nou, an tan ke Ewopeyen, sou sa n ka fè pou n anpeche kalte trajedi konsa rive ankò. »

Carlotta Sami, yon pòtpawòl Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye, fè konnen imigran kap chache yon lavi miyò sou kontinan ewopeyen an, ap pran divès wout diferan pou yo ale kote yo vle rive a. Pandansetan obsèvatè yo pè pou 700 moun –si se pa plis toujou- pami pasaje ki te abò bato ki chavire tou pre kòt Libi a, pa deja mouri. Nouvèl la di li posib pou moun pa janm konnen ki kantite pasaje ki mouri.

XS
SM
MD
LG