Accessibility links

Breaking News

Apèl Prese-Prese Nasyon Zini pou yon Seselfe nan Yemèn


Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, lanse yon apèl pou l mande yon seselfe prese-prese nan Yemèn kote yon kowalisyon ki genyen arab sinit nan tèt li, ap lanse atak ayeryen depi kèk tan kont pozisyon rebèl chiyit yo.

Nan yon diskou Misye Ban fè Washington jedi 16 avril 2015 la, li lanse avètisman pou l di "dife pran nan Yemèn", e sèl solisyon an se pou tout pati konsène yo mete fen nan batay yo epi antre nan negosyasyon.

Nan diskou sa a lidè l'ONU an fè nan National Press Club, li deklare -nap site: "Pwosesis diplomatik Nasyon Zini apiye a reprezante pi bon mwayen pou Yemèn sòti nan lagè sa a ki genyen konsekans tèrib sou stabilite rejyon an,"" fen sitasyon.

XS
SM
MD
LG