Accessibility links

Breaking News

Etazini-Chanjman Politik Vizavi Kiba / Opozisyon


Senatè Marco Rubio, Repibliken Eta Florid
Senatè Marco Rubio, Repibliken Eta Florid

Ozetazini, 2 manm Kongrè a ki gen orijin kibèn manifeste opozisyon yo kont desizyon Pezidan Obama pran pou l wete Kiba sou lis peyi kap patwone aktivite teworis. Senatè repibliken Eta Florid la, Marco Rubio, fè konnen Kiba pa chanje; se toujou yon peyi kap patwone teworism e ki ofri azil pou moun kap kouri pou lajistis amerikèn. Misye Rubio di :

"Kiba se an menm tan yon peyi kap ede Kore di Nò eskive sanksyon Nasyon Zini yo. 2 peyi sa yo ta dwe rete sou lis eta kap ankouraje zak teworis, e mwen panse chanjman sa a voye yon mesaj bay ennmi nou yo a letranje, pou di yo: Lèzetazini pa dispoze sèvi ak mo " teworis" la pou l deziye yon peyi teworis."

Senatè Bob Menendez - Demokrat Eta New Jersey
Senatè Bob Menendez - Demokrat Eta New Jersey

Senatè Bob Menendez -yon Demokrat Eta New Jersey-- pa mete dlo nan bouch li, li menm tou, pou l kritike administrasyon Obama a.

“Si w sòti pou w bay otorite kiben yo tout sa yo mande --rekonesans entènasyonal, wete non yo sou lis peyi kap patwone teworism, epi vide lajan nan ekonimi yo nan yon moman kote Venezuela pa kapab apiye yo ankò kòm yon patwon (yon bagay ki ta dwe ban nou yon okazyon pou n fòse chanjman nan Kiba)-- alòs, nou ta dwe jwenn yon bagay enpòtan an retou. Men nou pa jwenn anyen ditou: anyen pou pèp kiben an; anyen nan afè respè dwa moun ak retou demokrasi nan Kiba."

Kiba ap rete sou lis la pandan 45 jou ankò, yon peryòd kote Kongrè ameriken an pral pase desizyon an an revi; li menm gen dwa bloke aplikasyon desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG