Accessibility links

Breaking News

Pwopozisyon-Lwa Sena Ameriken an sou Pwogram Nikleyè Iranyen an.


Senatè Corker ak kèk kòlèg li nan Kongrè Lèzetazini an pandan yon konferans pou laprès yo tap bay aprè vòt Sena a sou pwogram nikleyè Iran an. (Foto: Mèkredi 14 avril 2015).
Senatè Corker ak kèk kòlèg li nan Kongrè Lèzetazini an pandan yon konferans pou laprès yo tap bay aprè vòt Sena a sou pwogram nikleyè Iran an. (Foto: Mèkredi 14 avril 2015).

Sena ameriken an apwouve yon pwopozisyon-lwa konpwomi ki mande pou Kongrè a plase dènye mo a sou nenpòt ki akò sou pwogram nikleyè Iranyen an. Lejislasyon konpwomi sa a vin koupe sou longè peryòd yon premye pwopozisyon-lwa te bay Kongrè a pou l pase tout akò konsa an revi; kounye a tan sa a pase de 60 a 30 jou.

Prezidan ameriken an, Barack Obama li menm, ap genyen pou l voye yon rapò bay Kongrè a chak 90 jou pou l sètifye Iran respekte sa k di nan akò a; epi sanksyon Kongrè a enpoze sou Iran yo tap retounen nan plas yo si Teheran ta vyole akò a. Senatè Bob Croker, prezidan komisyon Afè Etranjè Gran Kò a, bay opinyon li sou dosye a pandan deba ki te fèt anvan vòt la :

"Plis ke jamè oparavan, mwen panse Kongrè a dwe jwe yon wòl pou l asure l ke tout detay ki dwe reyini yo, twouve yo nan plas yo ; e, nan non pèp ameriken an, anvan nou leve sanksyon Kongrè a pran yo, nou dwe gen garanti nou mete an plas yon mekanism ki pou fè Iran rannn kont si l vyole akò a; yon mekanism ki efikas e kap pèmèt nou fè Iran montre transparans nan konpòtman li. "

Anpil lidè Repibliken nan 2 chanm yo te pale pou yo egzije Kongrè a di yon mo nan negosyasyon ki tap fèt ant Iran, Lèzetazini ak 5 lòt puisans mondyal (Larisi, Lachin, La Grann Bretay, Lafrans ak Lalmay) sou pwogram nikleyè iranyen an. Daprè palmantè sa yo, konsa pozisyon Lèzetazini nan negosyasyon yo tap genyen plis fòs. La Mezon Blanch fè konnen Prezidan Barack Obama sanble dispoze siyen pwopozisyon-lwa konpwomi sa a pou fè l tounen yon lwa imedyatman aplikab.

XS
SM
MD
LG