Accessibility links

Breaking News

Detay sou Vizit Thomas Shannon, Konseye nan Depatman Deta a, ann Ayiti.


Konseye Thomas Shannon
Konseye Thomas Shannon

Men yon kominike pou laprès ki sòti nan biwo afè piblik Anbasad Lèzetazini an nan Pòtoprens, Ayiti.

“Anbasadè Thomas A. Shannon, Konseye nan Depatman Deta a, fè yon vizit nan Pòtoprens sòti 30 pou rive 31 mas 2015 la; li te gen avèk li Kowòdonatè Espesyal pou Ayiti a, Thomas Adams. Pandan vizit sa a, li rankontre avèk Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Evans Paul, plizyè minis ak kèk fonksyonè wo-plase kominote entènasyonal la, pami yo genyen manm Misyon Nasyon Zini pou Estabilizayon Ayiti a (MINUSTHA).

"Konsye Shannon remake pwogrè ankourajan Ayiti fè sou wout pou l òganize eleksyon avèk patisipasyon tout pati politik pandan ane 2015 la – li remake tou espesyalman piblikasyon, sa pa gen lontan, kalandriye elektoral la ki fikse eleksyon kap gen 3 tou, swa pou mwa dout, oktòb ak desanm. Li fè konnen Lèzetazini pral kontinye apiye efò Ayiti ap fè pou l garanti dewoulman eleksyon lib, ki fèt ak patisipasyon tout moun e ki merite konfyans.

"Konseye Shannon abòde tou ak otorite ayisyen yo rezilta rankont li te genyen nan Repiblik Dominikèn anvan li te fè visit li isit ann Ayiti. Lèzetazini byen apresye repriz Dyalòg Bilateral la ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn e li ankouraje Repiblik Dominikèn pou l travay yon fason pou l ofri sitwayènte bay sila yo ki satisfè kondisyon yo daprè pwosesis natiralizasyon ak regilarizasyon peyi sa a; se menm jan tou Lèzetazini ankouraje 2 peyi yo pou yo fè plis dyalòg sou kesyon migratwa ki poze antre yo, dyalòg ki dwe atache priyorite nan respè dwamoun sitwayen kap viv sou 2 bò fwontyè a."

(fen tèks)

XS
SM
MD
LG