Accessibility links

Breaking News

Bès 2, 2% Ekonomi Amerikèn nan, daprè yon Dènye Rapò Ofisyèl.


Ekonomi amerikèn an te sibi yon ogmantasyon anyèl 2, 2% pandan mwa oktòb, novanm ak desanm 2014 pase a. Chif sa a pi ba lontan pase ogmantasyon li te anrejistre pandan trimès anvan an.

Daprè yon rapò gouvèman ameriken an publiye vandredi 27 mas 2015 la, se yon bès nan depans Leta federal la, mete sou yon ogmantasyon nan enpòtasyon yo, ki eksplike blokaj ki genyen nan kwasans ekonomi amerikèn nan.

Rapò sa a se rezilta yon revizyon final chif ki te parèt pou dènye trimès ane pase a e ki baze sou done ki pi konplè yo. Rapò a etone anpil ekonomis ki te prevwa yon ogmantasyon menm lejè pou 3 dènye mwa ane 2014 la.

XS
SM
MD
LG