Accessibility links

Breaking News

Aksidan Avyon nan Sid Lafrans - Lidè ak Sitwayen Fransè, Alman ak Espayòl nan Lapenn


Imaj avyon ki fè aksidan an, yon Airbus A-320 ki te sòti nan vil Barselòn, ann Espay, pou l t ale nan vil Dusseldorf, nan peyi Lalmay.
Imaj avyon ki fè aksidan an, yon Airbus A-320 ki te sòti nan vil Barselòn, ann Espay, pou l t ale nan vil Dusseldorf, nan peyi Lalmay.

An Frans, prezidan peyi sa a ak lidè Lalmay ak Lespay te rasanble, mèkredi 25 mas 2015 la, tou prè anplasman kote yon avyon alman tonbe nan kòmansman jounen madi 24 mas 2015 la epi koze lanmò tou lè 150 moun ki te abò a.

Prezidan fransè a, François Hollande, Chanselye Almay la, Angela Merkel, ak Premye Minis espayòl la, Mariano Rajoy, pale ak sekouris e ak chèchè yo sou lye aksidan an nan pati sid Lafrans, pi presizeman nan rejyon Seyne-Les-Alpes. 3 otorite yo bay yon konferans pou laprès kote yo eksprime lapenn yo ak lapenn sitwayen fransè, alman ak espayòl yo devan gwo kokenn trajedi sa a.

Prezidan komisyon dankèt kap fè rechèch sou aksidan an, Rémi Jouty, fè konnen anketè yo rive wete kèk enfòmasyon trèzenpòtan nan bwat nwa aparèy la ke yo jwenn nan kabin avyon an; bwat nwa a twouve l nan yon kondisyon grav, men li ka sèvi. Anketè yo te rive dekouvri li kèk èdtan aprè aksidan an te fin fèt la; men jiskaprezan yo poko gen yon repons pou kesyon asavwa kisa k lakoz aksidan an. Yo voye bwat nwa a nan vil Pari kote espesyalis ap koute konvèsasyon pilòt yo te genyen antre yo anvan avyon an te kraze a.

Avyon an, yon aparèy konpayi ki rele "Les Ailes de L'Allemagne" ou "Zèl Lalmay", mak-fabrik: Airbus A-320, te tonbe nan matine jounen madi a, preske innèdtan aprè li te dekole nan ayewopò vil Barselòn, ann Espay, pou l t ale nan vil Dusseldorf, nan peyi Lalmay. Li te genyen abò l sitwayen omwen 18 peyi; pami yo 72 alman ak omwen 35 espayòl.

XS
SM
MD
LG