Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pati Fanmi Lavalas Anonse Patisipasyon ni nan Pwochen Eleksyon yo


Yon solda Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti
Yon solda Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti

Pati Fanmi Lavalas enskri mèkredi 18 mas la pou l patisipe nan pwochen konpetisyon elektoral yo. Koòdonatris pati a, doktè Maryse Narcisse, fè remake enskripsyon sa a tonbe jou pou jou ak 4è anivèsè retou ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide ann Ayiti apre 7an egzil ann AfrikdiSid. Pati ak regwoupman Politik yo gen jiska vandredi 20 mas la pou yo enskri nan enstitisyon elektoral la.

Yon lòt kote, 2è senatè Plato Santral la, Dieuseul Simon Desra, menase pou l trennen Konsèy Elektoral Pwovizwa a devan lajistis poutèt enstitisyon an anonse eleksyon pou 20 senatè olye pou 19. Senatè Desra deklare li toujou senatè nan Plato Santral apre yon tribinal te konfime manda l ap fini an 2017, kontrèman ak 9 lòt senatè manda yo fini depi 12 janvye 2015.

Nan New York, Reprezantan Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyonzini ann Ayiti, Sandra Honore, prezante rapò l devan manm Konsèy Sekirite a mèkredi 18 mas la. Nan rapò a, madan Honore salye efò k ap fèt pou eleksyon dewoule pandan ane 2015 la pandan li ankouraje aktè konsène yo travay ansanm pou vòt la reyisi.Madam Honore prezante papò sa a apre prezidan Michel Martelly te ekri òganizasyon entènasyonal la pou mande l kanpe sou retrè solda nasyonzini yo nan peyi a.

Nouvèl Ayiti jedi 19 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:52 0:00
Direct link

Nan Washington anbasadè peyi manm Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli diplomat irigweyen, doktè Luis A Lemes, kòm nouvo sekretè jeneral òganizasyon rejyonal la ak 33 vwa pour ak 1 abstansyon. Doktè Lemes ap ranplase Jose Miguel Insulza ki pat kapab chache yon lòt manda pou l dirije òganizasyon rejyonal la. Anbasadè yo eli tou reprezantan pèmanan Beliz Nestor Mendez kòm asistan sekretè jeneral OEA a. Msye Mendez resevwa 24 vwa kont 10 vwa pou reprezantan Giyàn nan, Bayney Karram . Anbasadè Mendez ap ranplase diplomat Albert Ramdin nan pozisyon an. Nouvo eli yo ap antre an fonksyon 28 Me 2015.

Anfen, Premye Minis ayisyen an, Evans Pau,l anonse Ayiti ap akeyi festival « Carifesta 2015 la » soti 14 pou rive 23 out 2015. Festival kiltirèl la reyini peyi manb Mache Komen Karayib la (CARICOM). Òganizatè yo lanse yon sit web :www.carifesta.net kote y ap pibliye tout enfòmasyon sou evenman an.

XS
SM
MD
LG