Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Prezidan Sena a Ankouraje Pati Politik yo ak Popilasyon an Patisipe nan Eleksyon yo


Ayiti: Sena ayisyen an pandan yon seyans
Ayiti: Sena ayisyen an pandan yon seyans

Prezidan sena ayisyen an, Andris Riche, felisite piblikasyon kalandriye elektoral la ki fikse mach aswiv pou dewoulman eleksyon ane sa a ann Ayiti. Selon kalandriye a, eleksyon pou eli 119 depite ak 2tyè sena a fikse pou 9 out. Premye tou prezidansyèl la, lokal ak 2zièm tou lejislatif yo fikse pou 25 oktòb e, si nesesè, 2ièm tou eleksyon prezidansyèl la nan dat 27 desanm 2015. Palmantè a envite tout pati politik patisipe nan vòt yo.

Bò kote pa l, senatè Wesner Polycarpe, sekretè jeneral Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen an, di pati li a ap patisipe nan eleksyon yo nan tout nivo pandan li espere pwosesis la va lib, enkliziv e demokratik.

Nouvèl Ayiti madi 17 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:36 0:00
Direct link

Nan depatman sant peyi a, plizyè polisye ak manifestan ap resevwa swen nan lopital apre afwontman ant fòs de lòd yo ak manifestan ki t ap reklame pou otorite yo fè komin Thomassique tounen yon sikonskripsyon elektoral. Otorite yo ap mennen ankèt sou ensidan an. Ensidan sa a rive avan pouvwa egzekitif la te pran yon dekrè pou divize sikonskripsyon Cerca-la-Source an 2 sikonskripsyon elektoral: Cerca-la-Source ak Thomassique.

Yon lòt kote, nan PòdPè, plizyè òganizasyon entènasyonal ansanm ak gouvènman ayisyen an kòmanse yon pwogram fòmasyon pou montre ouvriye k ap travay nan konstriksyon meyè fason pou yo bati kay ki kapab reziste ak fenomèn natirèl tankou tranbleman-d-tè. Pwogram sa a sible 3 depatman pou kounye a: Nò, Nòdès ak Nòdwès.

Anfen, Ministè ayisyen k ap viv nan dyaspora a ap pare pou l rankontre diferan kominote pou l ankouraje yo vinn envesti nan peyi a pou kreye travay. Minis Olicier Pieriche fè konnen gouvènman an gen pou l adopte yon seri mezi pou pwoteje byen ak pwopriyete ayisyen k ap viv nan dyaspora a.

XS
SM
MD
LG