Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Michel Martelly Konvoke Pèp la nan Eleksyon k ap Kòmanse 9 Out 2015


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Prezidan Michel Martelly pibliye kalandriye elektoral la pou konvoke pèp la nan eleksyon k ap kòmanse 9 Out pou renouvle tout chanm depite a ak 2 tyè sena a. Premye tou prezidansyèl la ak lokal yo ap dewoule 25 oktòb ansanm ak 2ièm tou lejislatif yo epi si nesesè 2ièm tou prezidansyèl la fikse pou 27 desanm 2015. Nan menm dekrè prezidansyèl la, lidè ayisyen an divize sikonskripsyon Cerca la Source la an 2: Cerca la Source ak Thomassique. Dapre kalandriye elektoral la lendi 16 mas 2015 se reouvèti enskripsyon pati politik yo.23 mas enstitisyon elektoral la ap pibliye lis ofisyèl pati ki otorize patisipe nan kous elektoral la.

Desizyon sa a vle di 50ièm lejislati a ap gen 119 olye de 118 depite. Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Pierre Louis Opont, te deklare, sa pa gen lontan, yon nouvo prezidan ap enstale nan peyi a 7 fevriye 2016 apre palman an finn prete sèman an janvye menm ane a.

Nouvèl Ayiti -lendi 16 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:26 0:00
Direct link

Yon lòt kote, vandredi 13 mas pase a Pati politik Fanmi Lavalas anonse patisipasyonn nan pwochèn eleksyon yo. Kowòdonatris nasyonal pati a, Doktè Marise Narcisse, eksprime prewokipasyon fanmi lavalas sou fòmasyon Biwo Elektoral Kominal yo, Biwo Elektoral Depatmantal yo ak kalandriye elektoral la. Plizyè pati politik mande enstitisyon elektoral la pou l refè egzamen rekritman pou manm BED ak BEK yo.

Sou plan diplomatik: Nouvèl anbasadè franse a ann Ayiti, Elizabeth Beton Delègue, anonse sipò gouvènman fransè a pou òganizasyon pwochèn eleksyon yo. Anbasadè Delègue ajoute sipò finansye sa a ap pase atravè fon asistans Union Ewopeyèn an ap bay Ayiti pou eleksyon yo.

Anfen, Ministè Afè Etranjè Dominiken an anonse reouvèti semen sa a 5 konsila yo te fèmen ann Ayiti apre otorite ayisyen yo bay garanti y ap mete sekirite nan tout misyon diplomatik dominiken yo. Anons sa a tonbe apre yon rankont Minis Afè Etranjè Dominiken an Andres Navarro te genyen ak Minis Afè Etranjè Ayisyen an Duly Brutus nan Jimani vandredi 13 mas 2015 la.

XS
SM
MD
LG