Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Pwopoze Pati Politik yo 3 Eleksyon pou Ane 2015 la


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Ann AYiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a, ki te rankontre pati politik yo mèkredi 11 mas la nan Petion-ville, pwopoze yon kalandriye elektoral ak 3 eleksyon pandan ane 2015 la. Selon pwopozisyon sa a, premye tou eleksyon lejislativ pou eli 20 senatè ak 118 depite fikse pou 9 out. 2èm tou lejislatif yo, premye tou prezidansyèl ak kolektivite teritoryal yo fikse pou 25 oktòb epi 2èm tou prezidansyèl la fikse pou 27 desanm si nesesè.

Nouvèl Ayiti jedi 12 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:46 0:00
Direct link

Pati politik yo, tankou Fusion Socio Demokrat yo kritike kalandriye a yo di ki twò long e k ap koute plizyè dizèn milyon dola. Senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien Aime, deklare rankont enstitisyon elektoral la ak pati politik yo kòm yon teyat akoz, dapre li, pap gen eleksyon pandan ane 2015 la.

Ansyen senatè opozisyon Depatman Nò-a, Moïse Jean-Charles, di gwoup li a, "Platfòm pitit Dessaline yo, poko pare pou l patisipe nan eleksyon ak Konsèy Elektoral pwovizwa sa a, byenke gwoup la kwè nan eleksyon".

Misye Jean-Charles, ki tap pale nan yon konferans pou laprès, fè konnen " li pa pral nan eleksyon ak gouvèman prezidan Michel Martelly ap dirije a e gouvènman dwe ale."

Anfen, Minis Jistis ayisyen an, Pierre Richard Casimir, vizite prizon sivil Kwadèboukè a kote li diskite ak responsab la jistis yo sou dosye prizonye ki poko prezante devan jij natirèl yo. Minis la ki lanse nan kòmansman mwa mas la yon pwogram pou lite Kont Detansyon Prevantiv Pwolonje--pwogram ke li rele " Kout Pwen " vize redui popilasyon kaseral la.

XS
SM
MD
LG