Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Gouvènman an Pran Dispozisyon pou l Anpeche yo Fòse Moun Fè Grèv


kat Jewografik Ayiti
kat Jewografik Ayiti

Ann AYiti: Minis Kominikasyon an e pòt pawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, anonse gouvènman an ap pran yon seri dispozisyon pou l fasilite deplasman popilasyon an, dekwa pou moun kapab mennen aktivite yo nòmalman pandan 2 jounen grèv platform nasyonal sendika transpò yo lanse pou lendi 9 ak madi 10 mas 2015 la. Pòt pawòl la mande anplwaye leta yo al travay nòmalman pandan 2 jounen grèv sa yo. Anons sa a fèt nan moman opozisyon ap pare pou l òganize yon 2èm jounen manifestasyon samdi 7 mas la apre premye jounen pwotestasyon jedi 5 mas la te pase san ensidan.

Nouvèl Ayiti -vandredi 6 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:08 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Sekretè deta refòm fiskal la, Ronald Décembre, anonse pri pwodwi petwolye yo ogmante sou mache entènasyonal la. Sepandan leta ayisyen pran desizyon pou l pa ogmante pri galon gazolin nan sou mache nasyonal la malgre opozisyon an ak etidyan yo ap mande pou bese pri pwodui petwolye yo sou mache lokal la ak demisyon prezidan Michel Martelly.

XS
SM
MD
LG