Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Manm Sena a sou Dekrè Lwa Elektoral la


Sena ayisyen an pandan yon seyans
Sena ayisyen an pandan yon seyans

Prezidan sena ayisyen an, Andris Riché, ankouraje KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) òganize pwochen eleksyon yo pandan ane 2015 la. Misye Riché fè konnen dekrè elektoral pouvwa egzektif la pibliye a reprezante yon siy ki montre eleksyon yo posib. Prezidan gran kò a ankouraje patisipasyon tout sektè nan pwochen vòt yo.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 4 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:40 0:00
Direct link

Yon gwoup senatè (prezan ak ansyen) sanble pa gen menm pozisyon ak prezidan sena a sou nouvo dekrè elektoral la. Jean Baptiste Bien-Aimé ak Dieuseul Simon Desra kwè piblikasyon 2 premye dekrè yo anonse kòmansman yon rejim diktatoryal ann Ayiti. Daprè yo, chak fwa yon pouvwa pibliye yon dekrè, li mete otomatikman konstitisyon peyi a sou kote.

Anfen, Minis ki an chaj zafè eleksyon yo nan Primati a, Fritz Jean Louis, devlope kèk gran pwen ki nan dekrè elektoral la. Li fè konnen dokiman an defini wòl ak patisipasyon pati politik yo nan pwochen vòt yo epi lap sèvi kòm yon kad legal pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a òganize eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG