Accessibility links

Breaking News

Divizyon ant Lèzetazini ak Izrayèl sou Dosye Nikleyè Iranyen an


Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, pran lapawòl madi 3 mas 2015 la devan 2 chanm kongrè ameriken an reyini, kote li repete yon fwa ankò opozisyon gouvènman n nan kont tout negosyasyon sou pwogram nikleyè iranyen an. Depi lontan deja, lidè Izrayèl la konsidere yon Iran ki ta posede zam nikleyè kòm yon menas pou egzistans peyi li ; li kritike sa li konsidere kòm "twòp konsesyon yon gwoup puisans mondyal (ladan yo genyen Lèzetazini) sanble dispoze fè devan Iran. Pandan Misye Netanyahu tap rakontre ak Komite Afè Piblik Amerikano-izrayelyen an lendi nan Washington, li deklare diferans ki egziste sou dosye a ant gouvènman li a ak gouvènman ameriken an genyen plizyè aspè. Misye Netanyahu di :

<< Lèzetazini ap viv nan youn nan rejyon ki gen plis sekirite nan lemond yo, tandiske Izrayèl ap viv nan rejyon ki gen plis danje nan lemond la. Lèzetazini se pi grand’ puisans mondyal; men, si Izrayèl puisan, li plis vilnerab pase Lèzetazini. Lidè ameriken yo gen preokipasyon pou sekirite peyi yo; lidè izrayelyen yo gen preokipasyon pou «survi » peyi yo. >>

Bò kote pa l, prezidan ameriken an, Barack Obama, rekonèt gen diferans dopinyon sou divès kesyon (sitou sou dosye nikleyè iranyen an) ant Lèzetazini ak Izrayèl. Lidè ameriken an bay opiynon n sou sa nan yon entèvyou li bay ajans nouvèl Reuters. Prezidan Obama di 2 gouvènman yo gen diferans sou mwayen pou yo reyalize yon gwo objektif yo pataje, asavwa kijan pou yo anpeche Iran posede zam nikleyè. Misye Obama di:

« Nap chache rezoud pwoblèm sa a yon fason diplomatik, si nou kapab. Men, lè n konsidere istwa Iran kòm yon peyi ki abitye mele nan aktivite an kachèt ; lè n konsidere istwa Iran kòm yon peyi ki patwone zak teworis nan rejyon an e a travè lemond ; lè n konsidere diskou kap sòti nan bouch lidè rejim iranyen an (san bliye pawòl ki gen koulè anti-israyelyen, ak anti-semit), li enpòtan pou Iranyen yo konprann genyen yon wo-nivo efò pou yo fè an tèm de pwouve e konvenk lemond ke yo pap pouswiv yon pwogram nikleyè. Si yo fè sa, e si nou gen mwayen pou n verifye sa yon fason klè, sa pral reprezante pi bon chemen an pou ede n avanse ak dosye a. Sa nou pa dwe fè, se eseye minen negosyasyon yo, se kite negosyasyon yo tonbe. »

Premye Minis Netanyahu pran lapawòl devan kongrè Lèzetazini an sou envitasyon prezidan Chanm Bas la, John Boehner, ki vyole la tradisyon lè l pran inisyativ la san l pa kite La Mezon Blanch kowòdone vizit lidè Izrayelyen an. Prezidan Obama di objektif vizit Misye Netanuahu a se distrè moun e detounen atansyon yo pou yo pa konsantre li sou negosyasyon kap fèt ak Iran yo. Sepandan, daprè li, sa pa pral genyen konsekans dirab sou relasyon ant Lèzetazini ak Izrayèl, ki se 2 gwo alye avèk lyen istorik solid.

XS
SM
MD
LG